Montre nou gen bonsans etandone lafen an ap pwoche
1 Se pa ni de ni twa fwa Pawòl Bondye a fè konnen jou Jewova a ap vini “ tankou yon vòlè ”, sa vle di sanzatann, bridsoukou, an chatpent (1 Tes. 5:2 ; Mat. 24:43 ; 2 Pyè 3:10 ; Rev. 3:3 ; 16:15). Jezi te di : “ Se sa k fè, nou menm tou se pou nou montre nou pare, paske se nan lè nou pa panse a Pitit lòm nan ap vini. ” (Mat. 24:44). Ki jan nou ka rete je klè nan domèn espirityèl etandone lafen an ap pwoche ? Nou jwenn sekrè a nan konsèy enspire sa a ki di : “ Montre nou gen bonsans. ” — 1 Pyè 4:7.
2 Pou nou montre nou gen bonsans nou dwe chèche wè bagay yo menm jan Jewova li menm li wè yo (Efe. 5:17). Sa ede nou pou nou konsidere tèt nou kòm ‘ etranje e kòm rezidan tanporè ’ nan mitan sistèm de choz n ap viv la (1 Pyè 2:11). Sa pèmèt nou distenge sa ki vrèman enpòtan, sa ede nou etabli priyorite e sa ede nou pran bon desizyon. — Fil. 1:10.
3 Fikse objektif espirityèl : Lè nou fikse objektif espirityèl e lè nou atenn yo, sa ede nou gen bonsans. Èske ou menm ou deja gen objektif espirityèl ou vle atenn ? Èske w fè efò pou w li Bib la chak jou, pou w asiste tout reyinyon yo e pou w li chak nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! ki parèt ? Oubyen, èske w fè efò pou w patisipe piplis nan predikasyon ? Si ou fikse objektif ki reyalis, si ou detèmine pou w atenn yo e si w mande Jewova pou l beni efò w ap fè, w ap sezi wè rezilta w ap jwenn.
4 Yon ansyen te mande yon mari ak madanm li, de jèn moun, ki objektif espirityèl yo genyen. Kesyon an te fè yo wè si yo senplifye lavi yo e si yo elimine gwo dèt yo te genyen, yo t ap kapab vin pyonye. E yo te deside bay tèt yo objektif sa a. Yo te fè dilijans pou yo elimine dèt yo te genyen e yo te fè yon fason pou yo diminye nan aktivite yo te genyen ki pa nesesè, aktivite ki te konn fè yo gaspiye tan ak enèji. Egzakteman ennan apre sa, yo te rive atenn objektif yo. Ki rezilta sa te bay ? Men repons mari a : “ Si nou pa t gen objektif, nou pa t ap rive kote n rive la a. Kè nou pi kontan. Nou viv pi byen e nou pi trankil. Vi nou vin gen plis sans. ”
5 Tout pandan n ap tann jou Jewova a, annou rete je klè espirityèlman. N ap ka rive fè sa si nou montre nou gen bonsans nan fason n ap viv e si nou pa kite anyen distrè nou etan n ap fè volonte Bondye. — Tit 2:11-13.