Fason pou w atenn objektif espirityèl ou genyen
1. Ki objektif espirityèl anpil jèn kretyen genyen ?
1 Antanke jèn kretyen, pa gen dout se lanmou ou gen pou Jewova ansanm ak pawòl Jezi yo ki di pou tout kretyen ‘ chèche wayòm nan an premye ’ ki enfliyanse objektif ou genyen nan lavi w (Mat. 6:33). Petèt ou gen objektif pou w sèvi antanke pyonye oubyen pou w sèvi kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, dekwa pou w etann ministè w. Gen lòt jèn ki ka gen nan lespri yo pou yo travay nan konstriksyon antanke volontè entènasyonal, oubyen pou yo travay nan filyal, oubyen nan sèvis misyonè. Jan de objektif sa yo bay jèn yo anpil satisfaksyon e yo merite felisitasyon pou sa.
2. Ki sa ki ka ede w atenn objektif espirityèl ou genyen yo ?
2 Yon bagay k ap ede w atenn objektif espirityèl ou genyen yo se lè w ekri yo sou yon papye. Men sa Toudegad 15 jiyè 2004 (fransè) di : ‘ Yon ide ki nan tèt ou vin pi klè lè w chèche jwenn mo pou w eksprime l. Donk, ou ka chwazi ekri objektif ou yo ansanm ak mwayen w ap itilize pou w atenn yo sou yon papye. ’ Ansuit, si w gen yon objektif w ap pran anpil tan pou w atenn, ou kapab fikse lòt objektif antretan k ap ede w wè pwogrè ou fè, etan w toujou gen lespri w fikse sou objektif ou a.
3. Site kèk objektif yon moun pap pran anpil tan pou l atenn ki ka ede l kalifye pou batèm.
3 Objektif nou pap pran anpil tan pou nou atenn : Si w poko batize, gade ki sa w bezwen fè pou w atenn objektif sa a. Petèt, w ap bezwen gen yon pi bon konpreyansyon sou ansèyman de baz ki nan Bib la. Si se sa, fikse objektif pou w etidye tout liv Sa Labib anseye a, pou w chèche tout vèsè yo bay kòm referans yo (1 Tim. 4:15). Ou ka fikse objektif tou pou w li tout Bib la, soti depi nan Jenèz rive nan Revelasyon, menm jan yo mande Betelit yo ak elèv Gileyad yo pou yo fè. Apre sa, kenbe yon pwogram regilye pou w li Bib la chak jou (Sòm 1:2, 3). Imajine ki jan sa ka ede w grandi espirityèlman ! Lè w ap li Labib oubyen lè w ap etidye l, toujou priye ak tout kè w ni lè w ap kòmanse ni lè w ap fini, epi toujou chèche aplike sa w aprann yo. — Jak 1:25.
4. Ki objektif yon kretyen ka chèche atenn depi kounye a si l ta renmen vin Betelit oswa misyonè alavni ?
4 Si w deja batize, ki lòt objektif ou ka chèche atenn ? Èske w bezwen amelyore kapasite ou genyen pou w preche ? Pa egzanp, èske w ta ka fikse objektif pou w vin pi abil nan fason w ap sèvi ak Pawòl Bondye a nan ministè a (2 Tim. 2:15) ? Ki jan w kapab etann ministè w ? Selon laj ou e selon sikonstans ou, fikse kèk objektif byen presi ou pap pran anpil tan pou w atenn e k ap ede w atenn lòt objektif k ap pran plis tan.
5. Ki jan yon seri objektif yon frè te fikse te ede l atenn objektif li te genyen pou l sèvi nan Betèl ?
5 Yon moun ki te reyisi : Lè Tony te gen 19 an, li te vizite yon biwo filyal Temwen Jewova, e sa te fè l vin gen dezi pou l sèvi nan Betèl. Sepandan, fason li t ap viv la potko kòrèk, e li potko menm vwe vi l bay Bondye. Tony te deside viv ann amoni ak sa Jewova mande e li te fikse objektif pou l kalifye pou batèm. Lè l fin atenn objektif sa a, li te fikse objektif pou l vin pyonye oksilyè, apre sa pou l vin pyonye pèmanan, e li te menm ekri dat li ta renmen kòmanse a nan kalandriye li. Imajine jan l te kontan lè yo te envite l vin sèvi nan Betèl apre li te fin fè yon ti tan kòm pyonye !
6. Ki sa ki ka ede w atenn objektif espirityèl ou genyen yo ?
6 Ou menm tou ou kapab atenn objektif espirityèl ou genyen yo etan w ap chèche enterè Wayòm nan an premye. Kontinye mete “ aksyon ou ” yo devan Jewova nan lapriyè e fè tout sa w kapab pou w reyalize yo. — Pwo. 16:3 ; 21:5.