Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 fevriye
Kantik 4
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si kasèt videyo Fidèles dans les épreuves — Les Témoins de Jéhovah en Union soviétique la disponib, ankouraje tout moun pou yo wè l yon fason pou yo prepare yo pou konvèsasyon ki pral fèt nan Reyinyon sèvis semèn 24 fevriye a. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! 22 fevriye ak Toudegad 1ye mas [kreyòl]. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
35 min : “ Preche epi bay yon temwayaj konplè. ” a Siveyan sèvis la ap fè patisipasyon sa a. Ankouraje tout moun pou yo pran sèvis pyonye oksilyè an mas ak avril. Envite moun ki te pyonye pandan epòk Memoryal ane pase a pou yo reponn kesyon sa yo : Ki jan yo te planifye yo pou yo te ka pyonye ? Ki efò e ki aranjman sa te mande pou yo fè ? Ki sa ki te ba yo kè kontan e ki benediksyon yo te jwenn ? Gade kare ki nan paj 4 la ki gen yon pwogram ladan l. Fè moun yo konnen ap gen fich pyonye oksilyè k ap disponib apre reyinyon an.
Kantik 30 ak priyè final.
Semèn 17 fevriye
Kantik 48
10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè yon ti pale sou piblikasyon n ap ofri nan mwa mas la. Bay youn oubyen de sijesyon sou fason pou nou prezante liv Konesans lan, sèvi ak pwen ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a pou w fè sa. Ensiste sou objektif nou genyen pou nou kòmanse etid biblik.
15 min : “ Èske w ka ofri kay ou ? ” Yon siveyan etid liv ap fè diskou sa a. Bay kèk pwen ou jwenn nan ribrik Repons kesyon w yo ki nan Ministè Wayòm avril 2001 ak fevriye 1990. Di konbyen etid liv ki gen nan kongregasyon an ansanm ak kantite moun ki asiste reyinyon sa a an mwayèn. Mande youn oubyen de pwoklamatè ki gen gwoup etid liv lakay yo ki avantaj yo jwenn nan sa. Nenpòt moun ki ta renmen dispoze kay yo pou yon gwoup etid liv ka fè siveyan prezidan an konn sa.
20 min : “ Ki sa ki gen priyorite pou ou ? ” b Pran dispozisyon pou youn oubyen de pwoklamatè di ki jan yo te ranje sitiyasyon yo pou yo ka patisipe plis nan predikasyon.
Kantik 57 ak priyè final.
Semèn 24 fevriye
Kantik 74
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa fevriye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye mas [fransè] ak Réveillez-vous ! 8 mas. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : “ Yon èd nan moman ki apwopriye. ” Yon ansyen ap fè diskou sa a. Souliye pwen sa a : efò espesyal ki fèt pou ede moun ki inaktif yo demontre ki jan Jewova gen sousi pou pèp li.
25 min : “ Le discernement nous préservera. ” Konvèsasyon ant de ansyen, ki baze sou La Tour de Garde 15 mas 1997, p. 17-22. Oubyen “ Plis limyè, plis motivasyon, grasa yon kasèt videyo ! ” Tou kòmanse avèk yon konvèsasyon ak oditwa a sou kasèt videyo Fidèles dans les épreuves la. Sèvi ak kesyon yo bay yo. Byen divize tan an yon fason pou ka gen plizyè kòmantè ki fèt sou dènye kesyon an. Pou fini, li kare ki nan Annuaire 2002 paj 192 la.
Kantik 56 ak priyè final.
Semèn 3 mas
Kantik 14
10 min : Anons lokal. Fè yon ti konvèsasyon tou kout sou atik “ Dispozisyon yo fèk pran pou bibliyotèk Sal Wayòm yo ”. Di kiyès ki pral responsab bibliyotèk Sal Wayòm nan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Montre nou gen bonsans etandone lafen an ap pwoche. ” c Lè w rive nan paragraf 3 ak 4, envite kèk pwoklamatè pou yo di sou ki objektif espirityèl y ap travay kounye a. Bay kèk pwen ou jwenn nan paj 176 liv Adorez Dieu a.
Kantik 127 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.