BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 10 mas
  • Semèn 17 mas
  • Semèn 24 mas
  • Semèn 31 mas
  • Semèn 7 avril
Ministè Wayòm nan — 2003
km 3/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 10 mas

Kantik 5

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon. Nan youn y ap prezante La Tour de Garde 15 mas, nan lòt la y ap prezante Réveillez-vous ! 22 mas. Nan chak prezantasyon yo, nou kapab ofri toule de nimewo yo ansanm menmsi se yon sèl nou prezante. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.

15 min : Pwofi nou tire nan Annuaire 2003 a. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Fè yon ti pale sou pwen enpòtan nou jwenn nan “ Lettre du Collège central ” la, paj 3-5. Fè aranjman alavans pou kèk pwoklamatè nan oditwa a fè konnen ki rapò oswa ki eksperyans yo te twouve ki espesyalman ankourajan e ki fòtifye fwa yo. Mansyone kèk pwen enteresan nan rapò mondyal la. Ankouraje fanmi yo pou yo li Annuaire la ofiramezi jiskaske yo fin li l nèt pandan ane a. Esplike ki jan nou kapab sèvi ak Annuaire la pou nou dirije nouvo yo vin nan òganizasyon Jewova a e pou nou ankouraje yo asiste reyinyon.

20 min : “ Annou zele pou sa ki byen ! ”a (Paragraf 1-12). Apre nou fin egzamine paragraf 6 la, fè yon demonstrasyon tou kout kote yon pwoklamatè ap sèvi ak yon fich envitasyon pou l envite yon fanmi l, yon vwazen l, yon kondisip li oswa yon kòlèg travay li nan Memoryal la. Si nou poko distribye fich envitasyon yo, nou kapab fè sa apre reyinyon an.

Kantik 19 ak priyè final.

Semèn 17 mas

Kantik 34

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

15 min : Montre nou pridan lè n ap chwazi moun n ap fè zanmi. Diskou pou yon ansyen fè, ki baze sou Réveillez-vous ! 22 fevriye 1997, paj 13, ak Comment raisonner, paj 192-3, nan soutit “ Les mauvaises compagnies ”. Montre kòman prensip yo kapab aplike ni pou jèn ni pou granmoun. Souliye ki avantaj ki genyen lè yon moun chwazi kòm zanmi moun ki renmen Jewova e ki demontre y ap fè efò pou yo rete kole ak prensip li yo.

20 min : “ Annou zele pou sa ki byen ! ”b (Paragraf 13-26). Siveyan prezidan an ap fè patisipasyon sa a. Lè nou rive nan paragraf 14 la, fè yon demonstrasyon tou kout kote yon ansyen ap rann yon frè ki enfim yon vizit pou ankouraje l. Pandan moman sa a, l ap esplike l avèk jantiyès ki jan li kapab potekole pou ogmante aktivite kongregasyon an diran epòk Memoryal la.

Kantik 53 ak priyè final.

Semèn 24 mas

Kantik 72

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè yon demonstrasyon sou kòman pou nou prezante Toudegad 1ye avril ak Réveillez-vous ! 8 avril. Si nou poko resevwa nimewo sa yo, sèvi ak peryodik nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Temwen Jewova yo se yon fòs pou byen kominote a. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pafwa, nou jwenn posiblite pou nou atire atansyon moun yo sou fason predikasyon nou ak egzanp nou itil kominote a. Envite oditwa a pou l fè kòmantè sou pwen sa yo : 1) Nou anseye moun yo pou yo viv selon prensip Bib la bay sou zafè moralite. 2) Nou anseye moun yo pou yo onèt e pou yo respekte otorite. 3) Nou anseye tètansanm ant ras, nasyonalite ak gwoup sosyal. 4) Nou ede lòt moun pou yo amelyore vi fanmi yo lè nou ankouraje yo pou yo aplike prensip Bib la bay. 5) Nou montre plizyè milye moun li ak ekri. 6) Nou ede lòt moun lè gen dezas. 7) Nou jwe yon gwo wòl pou relijyon yo ka fonksyone ak tout libète yo, libète ki itil tout moun. — Gade nan liv Prédicateurs la, paj 699.

Kantik 121 ak priyè final.

Semèn 31 mas

Kantik 130

12 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje remèt rapò yo pou mwa mas. Di ki piblikasyon y ap ofri ann avril. Fè yon ti pale sou sijè “ Sèvi ak liv Adorez Dieu a pou nou kondui etid biblik ”. Pale de pwen enpòtan ki nan kare “ Rapèl pou Memoryal la ”.

13 min : Eksperyans lokal. Envite pwoklamatè yo rakonte eksperyans yo te fè pandan gwo aktivite ki te genyen nan mwa mas la. Felisite yo pou efò yo fè, epi ankouraje yo tout pou yo preche otan yo kapab diran mwa avril la.

20 min : “ Nou dwe bay Jewova anpil louwanj. ”c Ensiste sou enpòtans Memoryal la genyen. Montre kòman nou tout kapab potekole pou nou ede lòt moun pou yo la. Esplike ki sa ki ka fèt pou ede inaktif yo reprann yo. Envite oditwa a rakonte kèk eksperyans ankourajan yo te fè nan Memoryal ane pase a.

Kantik 173 ak priyè final.

Semèn 7 avril

Kantik 191

10 min : Anons Lokal.

15 min : Kòman nou kapab sèvi ak Labib pou nou rezone. Konvèsasyon avèk oditwa a. Kòman nou kapab devlope kapasite pou nou rezone avèk moun yo nan predikasyon kòmsadwa ? 1) Nou dwe chèche genyen yon bonjan konesans sou Labib lè nou fè etid pèsonèl e lè nou asiste reyinyon regilyèman. 2) Nou bezwen medite sou sa nou aprann yon fason pou nou konprann diferan aspè laverite genyen. 3) Non sèlman n ap chèche esplikasyon vèsè yo, men tou n ap chèche konprann rezon biblik esplikasyon sa yo. 4) Nou bezwen konsidere kòman nou kapab esplike tout kalite moun sa Bib la di. 5) Reflechi sou egzanp ou ka bay pou w esplike kèk pwen.

20 min : “ Fason laverite libere nou. ”d Fè kòmantè sou kare ki nan La Tour de Garde 1ye oktòb 1998, paj 6. Envite moun nan oditwa a pou yo esplike ki jan laverite ki gen nan Pawòl Bondye a libere yo.

Kantik 217 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje