BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/03 p. 6
  • Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la
  • Ministè Wayòm nan — 2003
Ministè Wayòm nan — 2003
km 4/03 p. 6

Revizyon nan Lekòl ministè teyokratik la

Nan semèn 28 avril 2003 a, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te bay soti nan semèn 3 mas pou rive nan semèn 28 avril 2003. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU FÈ BON DISKOU

1. Ki sa k ka fè yon moun ap mamòte lè l ap pale oswa lè l ap li ? [be p. 93]

2. Se vre oswa se pa vre : Nou ta dwe evite fè poz, paske sa ka bay moun yo tan pou lespri yo flannen e sa ka ba yo posiblite pou yo entèwonp nou. Esplike.

3. Ki enpòtans sa genyen pou yon oratè oswa yon moun k ap fè lekti an piblik mete aksan sou mo kle yo (Ney. 8:8) ? [be p. 101]

4. Ki jan yon moun ka pwogrese nan mete aksan sou mo kle ? [be p. 102-3]

5. Sou ki ide prensipal nou ta dwe ensiste lè n ap li an piblik nan yon piblikasyon, kit se nan yon etid biblik oswa nan reyinyon k ap fèt nan kongregasyon an ? [be p. 105]

EKSPOZE NO 1

6. Ki sa paran yo ka fè pou yo bay pitit yo fòmasyon “ pou yo ka koute e pou yo ka aprann ” nan reyinyon kongregasyon an (Det. 31:12) ? [be p. 16]

7. Ki sa paradi espirityèl la ye ? [w01 1/3 p. 8-10]

8. Ki jan Pwovèb 8:1-3 montre tout moun ka jwenn sajès ki soti nan Bondye a, e selon Kolosyen 2:3, ki kote nou ka jwenn li ? [w01 15/3 p. 25, 28]

9. Ki jan nou ka fè moun konnen non Bondye (Jan 17:6) ? [be p. 273-5]

10. Ki detay enpòtan moun yo bezwen konnen sou ‘ bon nouvèl wayòm nan ’ ​(Mat. 24:14) ? [be p. 279-80]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. a) Nan premye syèk la, ki sa ki te “ bagay repiyan ” yo mansyone nan Mak 13:14 la ? b) Lè yo di li “ kanpe kote l pa t dwe kanpe ” a, sa gen rapò ak ki sa ?

12. Ki jan nou fè konnen, dapre Evanjil Lik la, Jezi se te eritye natirèl twòn David la (Lik 3:23-38) ? [w92 1/10 p. 9 § 3]

13. Sa Jezi te vle di nan pawòl nou jwenn nan Lik 12:2 a ?

14. Nan egzanp Jezi te pran sou drak ki te pèdi a, poukisa fason zanj yo reyaji a estrawòdinè (Lik 15:10) ? Ki jan egzanp yo a ka sèvi nou leson ?

15. Gen de alyans nou jwenn nan Lik 22:29. Ki alyans sa yo ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje