Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fè tout sa n kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.
◼ Apati mwa d avril, y ap tou voye ensiy pou kongrè distri 2003 a ansanm ak piblikasyon yo, li pa nesesè pou nou kòmande yo. Ensiy yo ap rive nan chak kongregasyon pa pake ki gen 25, selon kantite pwoklamatè ki gen nan kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis, yo ka fè demann sou fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy, se demann pou kongregasyon an fè pou yo.
◼ Filyal la toujou bezwen gen adrès ak nimewo telefòn tout siveyan prezidan ak sekretè. Enfòmasyon sa yo dwe ajou. Nenpòt lè gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn, sekretè a dwe ranpli yon fich “ Changement d’adresse du surveillant-président/secrétaire ” (S-29) voye bay Filyal la rapid.
◼ Nan chak kongregasyon, sekretè a dwe toujou gen yon estòk fich pyonye oksilyè (S-205) ak yon estòk fich pyonye pèmanan (S-205b). Nou ka mande fich sa yo sou fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Nou bezwen yon kantite fich pou omwen ennan. Verifye tout demann sèvis pyonye pèmanan pou nou asire nou tout kesyon yo reponn. Si gen moun ki pa ka sonje dat egzak yo te batize, yo ta dwe bay yon dat apeprè epi yo ta dwe kenbe dat sa a.
◼ Lè yon moun prevwa vwayaje nan yon lòt peyi e li planifye pou l al asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon, oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a, pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, sou lè, oswa sou adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.