BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 12 me
  • Semèn 19 me
  • Semèn 26 me
  • Semèn 2 jen
Ministè Wayòm nan — 2003
km 5/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 me

Kantik 1

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 me ak Réveillez-vous ! 22 me. Nan chak prezantasyon yo, nou kapab ofri toule de peryodik yo ansanm menmsi se yon sèl nou prezante. Sonje pale moun yo de ofrann yo ka bay. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : Paran, ede pitit ou yo pwogrese. Se yon diskou k ap fè yon rale sou kèk pwen ki nan liv École du Ministère la, paj 9-12 ak paj 21-38. Ankouraje paran yo pou yo sèvi ak kèk nan materyèl sa yo nan etid familyal yo, nan objektif pou yo bay pitit yo fòmasyon pou yo pwogrese nan travay predikasyon an. Atire atansyon sou pwen enpòtan ki kapab sèvi pou ede jèn yo vin pi abil.

15 min : “ Yo konfye nou bon nouvèl la. ”a Pran dispozisyon alavans pou youn oswa de pwoklamatè esplike kòman yo te aranje sitiyasyon yo yon fason pou yo patisipe piplis nan travay predikasyon an.

Kantik 46 ak priyè final.

Semèn 19 me

Kantik 62

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Pale sou sijè sa a : “ Konstriksyon entènasyonal Sal Wayòm nan kèk peyi ann Ewòp ”. Fè konnen konstriksyon Sal Wayòm yo, kit se nan peyi kote pa gen anpil mwayen, kit se nan tèritwa ki sou kont filyal la, se ofrann yo jwenn nan Fon pou Sal Wayòm yo ki pèmèt travay sa yo fèt.

15 min : Bezwen lokal.

15 min : “ Temwayaj enfòmèl : yon mwayen pou nou louwe Jewova. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Lè nou rive nan paragraf 3 a, mande oditwa a ki sa yo ka di pou yo kòmanse yon konvèsasyon ki baze sou Bib la nan sitiyasyon sa yo : 1) lè yo nan yon liy pou y al peye, 2) lè yo nan transpò piblik, 3) lè y ap pale ak yon vwazen k ap travay nan lakou lakay li, 4) lè y ap pale avèk kòlèg yo kote y ap travay la e 5) lè y ap pale ak kondisip yo nan lekòl yo. Fè aranjman alavans pou yo rakonte yon eksperyans kote yon pwoklamatè te bay yon temwayaj enfòmèl ki te pote bon rezilta.

Kantik 135 ak priyè final.

Semèn 26 me

Kantik 174

10 min : Anons lokal. Fè tout moun sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa me. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye jen ak Réveillez-vous ! 8 jen. Nan chak prezantasyon yo, nou kapab ofri toule de peryodik yo ansanm menmsi se yon sèl nou prezante. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan fen youn nan demonstrasyon yo, kite feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? nan men moun nan ki pa aksepte pran peryodik.

10 min : Repons kesyon w yo. Diskou. Fè yon ti pale sou kèk sijesyon yo te bay sou fason pou nou preche nan telefòn, jan sa te parèt nan Ministè Wayòm fevriye 2001 an, paj 6, paragraf 12-15, oswa sèvi ak lòt sijesyon ki konn bay bon rezilta nan zòn ou an.

25 min : “ Pawòl Bondye a se verite. ”b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Envite kèk moun nan oditwa a pou yo di kòman sa te ede yo pou yo aprann laverite lè pwoklamatè yo te sèvi ak Labib pou yo reponn kesyon yo te poze. Lè w rive nan paragraf 4 la, yon pwoklamatè kalifye ap fè yon demonstrasyon sou fason pou nou sèvi ak Bib la premye fwa nou abòde yon moun. L ap sèvi ak sijesyon yo bay nan atik “ Manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ” an. — km 12/01 p. 1 § 3-4.

Kantik 188 ak priyè final.

Semèn 2 jen

Kantik 210

10 min : Anons lokal. Fè yon ti repase sou youn oswa de sijesyon yo te bay nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a sou fason pou nou prezante bwochi Bondye vle a ak liv Konesans lan.

20 min : Yon maryaj onorab : se sa Bondye vle. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Nan anpil peyi, li pa ra pou nou wè de moun ap viv ansanm san yo pa marye. Gen moun ki di sa nan avantaj yo. Atire atansyon sou pwennvi Bib la, epi montre se Bondye ki mete maryaj (rs p. 224-5). Lè moun ap viv ansanm san yo pa marye, sa rele fònikasyon (fy p. 17). Kontrèman ak sa anpil moun kwè, gen etid ki montre lè moun viv ansanm anvan yo marye sa diminye chans pou maryaj la reyisi (g02 8/3 p. 29 ; g92 8/9 p. 28 ; g91 8/5 p. 28). Kretyen yo onore Jewova lè yo konfòme vi yo ak prensip li yo. Epitou lè yo fè sa, li bon pou yo. — Iza. 48:17, 18.

15 min : Ki pwofi w tire ? Siveyan lekòl la ap fè yon konvèsasyon avèk oditwa a. Apati mwa janvye a, nou te vin ak yon nouvo metòd pou Lekòl ministè teyokratik la. Fè yon revizyon tou kout sou kèk nouvo aspè nan lekòl la. Atire atansyon sou bon rezilta nou konstate jiska prezan. Èske gen plis elèv ki enskri nan lekòl la ? Èske moun gen plis anvi pou yo patisipe ? Ki jan etidyan yo tire pwofi nan nouvo fason yo konseye a ? Envite moun nan oditwa a pou yo rakonte ki jan yo pwofite nouvo pwogram nan pèsonèlman e kòman yo santi sa ap ede yo alavni.

Kantik 225 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje