Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jen : Liv Konesans lan oswa bwochi Bondye vle a. Si moun nou rankontre yo deja genyen piblikasyon sa yo, ofri yo yon bwochi apwopriye kongregasyon an genyen nan estòk li. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Lè sa apwopriye, nou kapab ofri bwochi sa yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ? ; Une vie pleinement satisfaisante : Comment ? ; Un livre pour tous. Septanm : La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?
◼ Ann Ayiti soti 1ye jen pou rive 31 oktòb 2003, pral gen yon kanpay pou pèmèt pwoklamatè preche nan tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon ak tèritwa ki pa preche souvan. Èske w prevwa patisipe ? Men kèk pwen n ap bezwen sonje :
•Ki moun ki ka patisipe ?
Pwoklamatè ki gen bon konduit ka fè pati yon gwoup. Gwoup la dwe gen 2 moun pou pi piti e li pa dwe depase 20 moun, e pitit pwoklamatè yo konte ladan l tou. Gwoup yo dwe gen granmoun responsab ladan yo, e si gen frè ak sè ki selibatè, fòk omwen gen yon koup nan gwoup la.
•Ki sa kapitèn gwoup la ta dwe fè ak fòmilè Tèritwa ki pa preche souvan an ?
Li dwe ranpli tout fòmilè a. Apre sa, san pèdi tan, li ta dwe remèt li bay komite sèvis kongregasyon an pou yo ka egzamine l. Fòk komite sèvis kongregasyon w lan apwouve aplikasyon an anvan gwoup la kòmanse travay tèritwa a.
•Ki tèritwa gwoup la ap gen pou l travay ?
Gwoup yo ka chwazi tèritwa nan lis ki sou tablo afichaj kongregasyon an. L ap pi bon si yo chwazi yon tèritwa kote yo ka retounen fè vizit.
•Èske nou ka chwazi yon tèritwa ki pa nan lis la ?
Wi. Ou gen dwa chwazi preche nan yon tèritwa ki pa nan lis la. Pa egzanp, gen frè ak sè ki gen dwa chwazi al preche nan peyi yo. Yo gen dwa menm fè aranjman ak fanmi yo gen nan zòn nan pou yo rete lakay yo. Gen gwoup ki ka pran dispozisyon pou yo al ede yon kongregasyon ki pa twò lwen. Sepandan, pa bliye : pou jan de dispozisyon sa yo, komite sèvis la dwe toujou bay apwobasyon l.
•Lè nou fin resevwa yon atribisyon, si gen lòt pwoklamatè ki ta renmen vin nan gwoup nou an, èske nou ka ajoute yo ?
Wi nou kapab. Sepandan, toujou sonje fòk gwoup yo pa depase 20 moun, e pitit pwoklamatè yo konte ladan l tou.
•Ki sa yon kapitèn ka fè si gen plis pase 20 pwoklamatè ki dispoze al preche nan tèritwa yo pa preche souvan ?
Anvizaje posiblite pou nou fòme de gwoup ak de kapitèn.
•Èske biwo filyal la ap voye pyonye espesyal nan tèritwa sa yo si nou jwenn moun ki enterese ?
Biwo filyal la pa gen posiblite voye pyonye espesyal nan chak zòn ki gen moun enterese. Se sa k fè, si posib, li ta bon pou nou prevwa tan pou n al vizite moun ki enterese yo tanzantan, oswa pou nou fè etid ak yo pa korespondans. Yon lòt bagay ankò nou ka fè : se voye non yo ak adrès yo nan kongregasyon ki pi pre a e envite yo vizite kongregasyon sa a lè yo kapab.
[Kare nan paj 7]
Atansyon : kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a ap kòmanse vandredi a 9:30 nan maten. Men, kote ki gen asanble entènasyonal yo, l ap kòmanse jedi a 1:20 nan aprèmidi.