Aktout yo enfim, yo pwodui anpil fwi
1 Si w se youn nan pakèt Temwen Jewova ki ap viv avèk yon enfimite, li posib pou w toujou pwodui anpil fwi nan ministè w. An reyalite, sitiyasyon w ka ba w bèl opòtinite non sèlman pou w preche, men tou pou w ankouraje lòt moun.
2 Yo bay temwayaj : Gen anpil moun ki patisipe kòrèkteman nan ministè a, malgre yo oblije viv ak yon enfimite. Pa egzanp, gen yon sè, apre l te fin fè yon operasyon, li vin pa t ka deplase poukont li e li vin pa t ka pale byen. Men, li pa t twouve l difisil pou l patisipe nan difizyon peryodik, depi mari l pakin machin nan sou yon twotwa kote anpil moun ap pase. Gen yon lè li te plase 80 peryodik nan dezèdtan sèlman ! Èske sitiyasyon w mete w an kontak avèk yon seri moun li t ap difisil pou w rankontre si w pa t nan sitiyasyon sa a ? Si se sa, konsidere moun sa yo kòm tèritwa w.
3 Ou ka jwenn anpil bon rezilta. Gen moun ki ka santi mesaj Wayòm nan atire yo, lè yo wè nan ki pwen ou detèmine, e lè yo wè bon efè Pawòl Bondye a genyen nan lavi w. Epitou, lè w rankontre moun ki nan gwo difikilte, eksperyans ou deja genyen ba w mwayen pou ede yo jwenn konsolasyon ki nan Pawòl Bondye a. — 2 Kor. 1:4.
4 Yo fòtifye lòt moun : Laurel Nisbet se yon sè ki te pase 37 an anndan yon aparèy ki rele poumon ann asye. Li te ede 17 moun gen konesans egzak nou jwenn nan Bib la. Èske lè w te li istwa l, sa pa t ankouraje w ? Se menm bagay la ki ka rive pou ou : egzanp ou ka pouse lòt frè ak sè depanse yo pi plis toujou nan sèvis Jewova. — g93 22/1, paj 18-21.
5 Menmsi sitiyasyon w pa pèmèt ou soti nan predikasyon jan w ta renmen, ou ka toujou fòtifye lòt moun. Tande ki sa yon frè di : “ Eksperyans mwen fè montre menm moun ki bonjan andikape ka ede lòt moun. Mwen menm ak madanm mwen, nou se yon gwo sipò pou tout kalite moun nan kongregasyon an. Sitiyasyon nou fè, nou toujou la, nou toujou disponib. ” Toutfwa, akoz andikap pa w, se vre ou gendwa pa toujou ka fè sa w ta anvi fè. Men aktout sa, ou gen dwa wè si w jwenn yon kout pous, sa ka ede w rete aktif nan predikasyon. Se sa k fè, si w santi ou bezwen yon kout men, pa ezite fè ansyen yo oswa lòt manm nan kongregasyon an ki ka ede w, konn sa.
6 Jewova wè chak sa ou fè nan sèvis li, e li pran plezi nan sèvis ou ba li ak tout nanm ou (Sòm 139:1-4). Si w konte sou li, non sèlman l ap ba w fòs pou w pwodui anpil fwi nan ministè a, men ministè w ap vin gen yon sans. — 2 Kor. 12:7-10.