BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 8 desanm
  • Semèn 15 desanm
  • Semèn 22 desanm
  • Semèn 29 desanm
  • Semèn 5 janvye
Ministè Wayòm nan — 2003
km 12/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 desanm

Kantik 221

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 15 desanm ak Réveillez-vous ! 22 desanm. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : “ Ki sa k fè kretyen yo gen bonjan inite nan mitan yo ? ”a Lè nou rive nan paragraf 5 lan, envite moun nan oditwa a pou yo pale sou kèk eksperyans yo te fè pandan asanble entènasyonal la, oubyen pandan yo t ap travay nan pwojè konstriksyon pou aktivite teyokratik. Yo ka pale tou sou èd yo te pote apre yon dezas. Tout travay sa yo montre jan nou gen inite nan mitan nou antanke kretyen.

15 min : “ Lekòl ministè teyokratik pou ane 2004. ” Diskou pou siveyan lekòl la fè. Fè yon ti pale sou paj mitan Ministè Wayòm oktòb 2003 a.

Kantik 108 ak priyè final.

Semèn 15 desanm

Kantik 71

10 min : Anons lokal. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo : Soigner sans transfuser — besoins et droits du patient lè y ap prepare reyinyon sèvis pou semèn 29 desanm nan. Fè yon ti pale sou kare “ Tanpri, vizite yo prese prese ” a. Montre yon modèl fòmilè S-70 la si genyen l. Pale de dispozisyon espesyal yo pran pou predikasyon 25 desanm, 1ye janvye ak 2 janvye.

15 min : Etid pèsonèl fè pati adorasyon n ap bay Bondye. Diskou sa a baze sou La Tour de Garde 1ye oktòb 2000, p. 14-15, § 6-10.

20 min : “ Ede moun ki nan ‘ dispozisyon kòrèk ’ yo. ”b Sèvi ak kesyon yo bay yo. Fè yon ti pale sou lis sijesyon yo bay pou fè nouvèl vizit nan kare ki nan paj 3 Ministère du Royaume mwa mas 1997.

Kantik 42 ak priyè final.

Semèn 22 desanm

Kantik 10

12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante Toudegad 1ye janvye ak Réveillez-vous ! 8 janvye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Fè tout moun sonje reyinyon sèvis semèn pwochèn nan ap yon reyinyon espesyal. Yo pral pale sou kasèt videyo : Besoins et droits du patient e yo pral bay kat “ Instruction médicales prévisionnelles/Décharge ” la.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : “ Chèche moun ki diy yo. ”c Aplike sijè a selon tèritwa a. Ki lè ki pi fasil pou jwenn moun yo lakay yo ? Ki rezilta nou jwenn lè nou preche ta nan aprèmidi oswa bonè nan aswè ? Ki metòd nou ka itilize pou nou kontakte moun ki pa lakay yo fasil ?

Kantik 209 ak priyè final.

Semèn 29 desanm

Kantik 200

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa desanm. Di ki piblikasyon n ap ofri pandan mwa janvye a.

20 min : “ Yon kasèt videyo ki pale de yon lòt oryantasyon medikal. ” Yon ansyen ki kalifye ap fè patisipasyon sa a. Li Travay 15:28, 29, epi fè yon ti pale tou kout pou w montre rezon prensipal ki fè kretyen yo pa pran san se paske yo vle respekte lwa Bondye bay sou san e pou yo menm, san se yon bagay ki sakre. Apre sa kòmanse ak sijè sou kasèt videyo : Besoins et droits du patient. Sèvi ak kesyon yo bay nan atik la. Pou fini, li dènye paragraf la. Si kasèt videyo a pa disponib, nan plas patisipasyon sa a, yon ansyen ap fè yon diskou avèk patisipasyon oditwa a sou sijè : “ Les pionniers dispensent des bienfaits et en reçoivent ” ki nan La Tour de Garde 15 janvye 1994, paj 21-3. L ap ensiste sou sa moun ki nan kongregasyon an ka fè pou ankouraje pyonye yo yon fason ki pratik.

15 min : “ Comment affronter un problème médical avec confiance ”. Yon ansyen ki kalifye ap fè diskou sa a. Sèvi ak plan biwo filyal la voye a. Fè yon ti pale sou pwen kle nan kare “ Dispozisyon yo pran pou ede nou pa pran san ”.

Kantik 182 ak priyè final.

Semèn 5 janvye

Kantik 103

5 min : Anons lokal.

15 min : Nou pap travay pou granmesi (1 Kor. 15:58). Konvèsasyon avèk oditwa a. Fè aranjman alavans pou kèk pwoklamatè ki gen lontan depi yo nan laverite bay kèk detay sou jan aktivite predikasyon an te ye o kòmansman nan peyi a. Ki jan anpil moun te vin fè pati kongregasyon an ? Ki kantite tèritwa kongregasyon an te gen sou kont li pou l preche ? Ki jan moun yo te reyaji devan mesaj Wayòm nan ? Ki kalite opozisyon nou te rankontre ? Ki jan travay predikasyon an te devlope nan zòn nan avèk letan ?

25 min : “ ‘ Annou mache avèk Bondye ’ — Kongrè distri Temwen Jewova pou 2004. ” Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Apre w fin egzamine paragraf 1 an, li lèt 15 desanm 2003 a, lèt ki anonse nan ki kongrè kongregasyon an envite. Lè w rive nan paragraf 3 a, mande kèk volontè ki nan oditwa a pou yo li kare ki nan paj 4 la. Ankouraje tout moun pou yo pran tout dispozisyon osito sa posib pou yo ka asiste kongrè a.

Kantik 7 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons..

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje