Revizyon oral pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 26 avril 2004, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 1ye mas pou rive nan semèn 26 avril 2004. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Lè n ap bay yon diskou, poukisa li pi bon pou nou sèvi ak yon plan olye pou nou ekri tout diskou a nèt ? [be p. 166 § 3]
2. Lè n ap prepare nou pou n al preche, ki jan nou ka òganize panse nou yon fason pou nou gen yon plan nan tèt nou ? [be p. 167 § 2]
3. Sèvi ak Travay 13:16-41 ansanm ak Travay 17:2, 3 pou w esplike ki jan Pòl te fè pou l ‘ pwouve lojikman se Jezi ki Kris la ’. (Travay 9:22) [be p. 170 § 2]
4. Bay kèk avantaj enpwovizasyon gen ladan l. [be p. 175 § 1-4]
5. Ki pyèj yon diskou enpwovize gen ladan l, e ki sa ki ka ede nou evite pyèj sa yo ? [be p. 175 § 5–p. 176 § 3]
EKSPOZE No 1
6. Selon resi nou jwenn nan Jenèz 32:24-32 a, ki sa Jakòb te fè, a 97 an, pou l jwenn benediksyon nan men Jewova, e ki leson nou tire nan sa ? [w02-F 1/8 p. 29-31]
7. Ki sa ‘ kapasite pou reflechi ’ vle di, e ki jan sa ka ede yon moun pou l pa pèdi ekilib li e pou l pa tonbe nan pwoblèm initilman ? (Pwo. 1:4) [w02-F 15/8 p. 21-2]
8. Ki sa oratè piblik yo ka fè pou se Bib la ki baz diskou y ap pwononse yo ? [be p. 52 § 6–p. 53 § 5]
9. Pou yon oratè sèvi ak yon senp plan pou l prepare yon esplikasyon ki byen chita sou Bib la, ki sa pou l fè ? [be p. 54 § 2-4]
10. Poukisa, nan dezè a, Jewova te nouri Izrayelit yo ak lamàn semèn apre semèn, mwa apre mwa, e ki leson nou ka tire nan sa ? (Det. 8:16) [w02-F 1/9 p. 30 § 3-4]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Nan Jenèz 37:12-17, ki paralèl nou jwenn ant lavi Jozèf ak lavi Jezi ? [w87-F 1/5 p. 12 § 12]
12. Ann amoni ak sa ki rapòte nan Jenèz 42:25-35, ki jan Jozèf te montre yon konpasyon ki sanble ak konpasyon Jezi gen lakay li ? [w87-F 1/5 p. 18 § 10 ; p. 19 § 17]
13. Nan ki sans dispozisyon esklav la pran jodi a koresponn ak distribisyon manje ki te fèt nan epòk Jozèf la ? (Jen. 47:21-25)
14. Lè Jewova di : “ M ap vin tounen sa m ap vin tounen ” an, ki sa li revele konsènan non li ? (Egz. 3:14, 15)
15. Dapre Egzòd 16:2, 3, site de danje ki genyen lè moun tonbe plenyen ? [w93-F 15/3 p. 21]