Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri ann avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese yo, si gen nan yo ki te asiste Memoryal la oubyen ki te asiste yon lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè efò pou nou ofri yo liv Adorez Dieu a. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse yon etid biblik, sitou si moun nan te deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Jen : Liv Écoute le grand Enseignant an. Si moun nou rankontre a di li pa gen pitit, ofri l bwochi Bondye vle a. Lè n ap ofri bwochi a, veye pou nou kòmanse yon etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Un livre pour tous ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”.
◼ Apati mwa d avril, y ap tou voye ensiy pou kongrè distri 2004 la ansanm ak piblikasyon yo, li pa nesesè pou nou kòmande yo. Ensiy yo ap rive nan chak kongregasyon pa pake ki gen 25, selon kantite pwoklamatè ki gen nan kongregasyon an. Si gen kongregasyon ki bezwen plis, yo ka fè demann sou fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy, se demann pou kongregasyon an fè pou yo.
◼ Filyal la toujou bezwen gen adrès ak nimewo telefòn tout siveyan prezidan ak sekretè yo. Enfòmasyon sa yo dwe ajou. Nenpòt lè gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn, sekretè a dwe ranpli yon fich “ Changement d’adresse du surveillant-président/secrétaire ” (S-29) voye bay Filyal la san pèdi tan.
◼ Nan chak kongregasyon, sekretè a dwe toujou gen yon stòk fich “ Demande d’admission au service de pionnier auxiliaire ” (S-205) ak fich “ Demande d’admission au service de pionnier permanent ” (S-205b). Nou ka mande fich sa yo sou fòmilè “ Demande de publications ” (S-14). Nou dwe gen yon kantite fich pou omwen ennan. Verifye tout demann sèvis pyonye pèmanan pou nou asire nou tout kesyon yo reponn. Si gen moun ki pa ka sonje dat egzak yo te batize, yo ta dwe bay yon dat apeprè epi yo ta dwe kenbe dat sa a.