Jèn : se pou w li Pawòl Bondye a !
1 Lajenès se yon peryòd ki gen anpil tètchaje, se yon peryòd kote jèn yo ap pran desizyon enpòtan. Se chak jou, anpil jèn kretyen ap rankontre presyon pou yo dezobeyi prensip Bondye yo nan domèn konduit. Anvan w kòmanse pran desizyon nan domèn edikasyon, travay ak maryaj, ou dwe gentan fikse objektif nan domèn espirityèl. Se sèlman konsa l ap posib pou w pran lòt desizyon k ap pwofitab pou ou tout rès vi w. Lè w gen objektif presi nan domèn espirityèl, sa ap ede w aji avèk sajès e sa ap ede w reyisi nan sa w ap fè. Lè w li Pawòl Bondye a regilyèman e ou medite sou sa w li a, sa ap fè w anvi viv ann amoni ak konsèy enspire ki gen ladan l yo e w ap jwenn bon rezilta nan efò w ap fè. — Joz. 1:8 ; Sòm 1:2, 3.
2 Ki pwofi w ap jwenn ? Monn Satan an chaje ak bagay ki la pou pouse w fè sa k mal (1 Jan 2:15, 16). Ou ka konnen timoun ki nan menm klas ak ou oubyen timoun ki gen menm laj ak ou ki gen malè rive yo paske yo te sede devan presyon lòt jèn. Lè w rete atache ak konsèy ki nan Bib la, sa ap ba ou fòs moral ak tout fòs espirityèl ou bezwen pou rejte yon konduit ki ka fè w peche. Anplis de sa, konsèy ki nan Pawòl Bondye a ka ede w evite pyèj anba anba Satan tann yo (2 Kor. 2:11 ; Ebre 5:14). Mache nan chemen Bondye ap fè w jwenn vrè bonè a, sa vle di w ap jwenn satisfaksyon nan lavi w pèsonèlman. — Sòm 119:1, 9, 11.
3 Prensip ki nan Pawòl Bondye a pa janm chanje. Yo depase sajès lèzòm (Sòm 119:98-100). Yon bon konesans sou prensip ki nan Bib la, meditasyon sou pwogram Jewova ansanm ak lapriyè ou fè ak tout kè w ka ede w vin gen bon relasyon ak Jewova Dye, li menm ki Otè Bib la e ki gen tout sajès. Men pwomès li fè : “ M ap fè w vin pèspikas e m ap enstwi w nan chemen ou dwe suiv la. M ap ba w konsèy toutpandan je m sou ou. ” — Sòm 32:8.
4 Kreye tan pou w li l : Gen yon jèn kretyèn ki te fikse kòm objektif pou l li Bib la ann antye, e li te fin li l nan yon ane. Ki jan sa te pwofitab pou li ? Men sa l di : “ Mwen aprann anpil bagay sou Jewova, bagay sa yo fè m vin pi pwòch ak li, e yo fè m plis anvi gen lakrentif pou li tout rès vi m. ” (Jak 4:8). Èske w deja li Bib la ann antye ? Si w poko, poukisa ou pa fikse kòm objektif pou w rive fè sa ? Jewova pap manke pa beni efò w fè nan sans sa a e w ap jwenn gwo rekonpans.