BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 12 avril
  • Semèn 19 avril
  • Semèn 26 avril
  • Semèn 3 me
Ministè Wayòm nan — 2004
km 4/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

NOTE SA : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Annou mache avèk Bondye ”, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis k ap fèt anvan kongrè a, pou nou repale sou konsèy presi ki konsène kongregasyon an, konsèy nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Pandan mwa oktòb la, yo pral pran tout yon reyinyon sèvis pou yo fè revizyon sou pwen enpòtan nou te aprann nan kongrè a. Pou nou prepare nou pou sa, nou chak ka pran bonjan nòt nan kongrè a. Nan nòt sa yo, kapab gen yon lis pwen nou deside mete an pratik nan lavi nou ak yon lis pwen pou nou aplike nan predikasyon. Annapre, youn ka ankouraje lòt lè nou esplike ki jan nou deja kòmanse mete sijesyon sa yo an pratik.

Semèn 12 avril

Kantik 93

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 15 avril ak Réveillez-vous ! 22 avril. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Nan chak prezantasyon, nou kapab ofri toule de nimewo yo ansanm menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan chak demonstrasyon, montre divès fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen okipe. ” ​(Gade nan liv Comment raisonner a, paj 19, 20). Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Annou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. ”a Lè n ap egzamine paragraf 4 la, mande moun ki nan oditwa a pou yo di ki fason presi nou ka demontre lanmou pou moun yo lè n ap akonpli ministè nou.

20 min : “ Annou egzalte non l ansanm. ”b Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. L ap sèvi ak kesyon yo bay yo. Di nan ki kongrè kongregasyon an envite. Orè a nan paj mitan Ministè Wayòm desanm 2003 a. Si sa nesesè, li ka mete aksan sou lòt pwen nan paj mitan sa a. Pou fini, soulve de oubyen twa kesyon ki nan atik : “ Manje espirityèl nan moman apwopriye. ” Yo pral pale de atik sa a nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan.

Kantik 91 ak priyè final.

Semèn 19 avril

Kantik 55

8 min : Anons lokal.

17 min : “ Ann chèche gen menm etadespri ak Jezi. ”c Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè n ap egzamine paragraf 4 la, mande moun ki pyonye oksilyè pou yo pale de benediksyon yo jwenn paske y ap sèvi kòm pyonye.

20 min : “ Manje espirityèl nan moman apwopriye. ”d Sèvi ak kesyon yo bay yo. Lè n ap egzamine paragraf 2 a, mande youn oubyen de moun nan oditwa a pou yo pale de yon kongrè yo te asiste, yon kongrè yo pa ka bliye. Pou fini, soulve de oubyen twa kesyon ki nan atik : “ Se pou nou sen nan tout sa n ap fè. ” Yo pral pale de atik sa a nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan.

Kantik 80 ak priyè final.

Semèn 26 avril

Kantik 46

12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa avril la. Di ki piblikasyon n ap ofri an me. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante Toudegad 1ye me ak Réveillez-vous ! 8 me. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou fè demonstrasyon sa yo. Nan chak prezantasyon, nou kapab ofri toule de nimewo yo ansanm menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap bay yon kòlèg li oubyen yon kamarad lekòl li temwayaj. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

18 min : “ Se pou nou sen nan tout sa n ap fè. ”e Sèvi ak kesyon yo bay yo. Mande oditwa a pou yo fè kòmantè sou jan yo remake lè nou gen yon bon konduit nan kongrè sa pote louwanj pou Jewova. Pou fini, soulve de oubyen twa kesyon ki nan atik : “ Yon teni ki senp e ki merite louwanj. ” Yo pral pale de atik sa a nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan.

Kantik 38 ak priyè final.

Semèn 3 me

Kantik 48

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale toukout sou aktivite nou konn abitye genyen pandan gran vakans : asiste kongrè distri, pran sèvis pyonye oksilyè, fè ti reparasyon nan kay la, oubyen petèt, al pran detant. Si gen tèritwa kongregasyon an pa preche souvan, di ki dispozisyon yo pran pou preche yo afon. Fè bon planifikasyon yon fason pou nou pa neglije etid familyal, reyinyon ak predikasyon, si nou ta dwe vwayaje oubyen si lòt aktivite pandan gran vakans lan ta gen efè sou aktivite nou abitye genyen (Pwo. 21:5). Fè tout pwoklamatè yo sonje pou yo toujou fè kongregasyon an jwenn rapò yo, kit y ap deplase, kit yo pap deplase.

15 min : “ Jèn : se pou w li Pawòl Bondye a ! ”f Fè aranjman alavans pou youn oubyen de jèn pale de pwogram lekti Labib yo e pou yo di ki pwofi yo tire ladan l. Ankouraje jèn yo pou yo fikse objektif pou yo li Labib ann antye. Fè kèk kòmantè sou sa ki di nan paj 10, paragraf 5 liv École du ministère la.

20 min : “ Yon teni ki senp e ki merite louwanj. ”g Sèvi ak kesyon yo bay yo. Si gen ase tan, li vèsè biblik yo site yo epi fè kòmantè sou yo.

Kantik 164 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

g Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje