Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 me
Kantik 193
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si nou twouve sijesyon ki nan paj 4 la pratik pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou nou montre fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 me ak Réveillez-vous ! 22 me. Nou ka sèvi ak lòt prezantasyon. Pou chak demonstrasyon, montre yon fason diferan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen gen relijyon m deja. ” (Gade nan liv Comment raisonner a, paj 18-19). Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Èske w al kot patwon w deja ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Se yon ansyen k ap fè diskou sa a. Li baze sou atik : “ Èske ou menm w ap la ? ” ki nan Ministè Wayòm janvye 2000, paj 1. Pale sou sa ki di nan paj 67 liv École du ministère la.
20 min : “ Se pou nou elaji nou. ”a Fè kèk kòmantè sou paragraf 14 ki nan paj 150 nan liv Adorez Dieu a.
Kantik 18 ak priyè final.
Semèn 17 me
Kantik 188
10 min : Anons lokal.
15 min : “ Montre nou rekonesan. ”b Si gen tan pou sa, envite oditwa a pou l fè kòmantè sou vèsè yo bay an referans yo. Lè nou rive nan paragraf 3 a, fè youn oubyen de moun ki pa gen lontan depi yo te sèvi kòm pyonye oksilyè fè kòmantè sou byenfè yo jwenn lefètke yo te pran sèvis la.
20 min : Nou gen sousi youn pou lòt (1 Kor. 12:25, 26). Diskou avèk patisipasyon oditwa a. L ap baze sou liv Notre ministère la paj 156-8, nan soutit : “ Soucions-nous les uns des autres. ” Malgre pèp Jewova a ap viv toupatou sou tè a, nou vrèman ini youn ak lòt. Nou tout fèt pou priye pou frè nou yo chak jou. Nou dwe pote èd materyèl nou tou san pèdi tan lè gen sitiyasyon difisil ki nesesite sa. Li vèsè kle yo, apre sa fè ti pale sou yo. Site youn oubyen de eksperyans nou jwenn nan piblikasyon nou yo.
Kantik 100 ak priyè final.
Semèn 24 me
Kantik 128
12 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè de demonstrasyon sou fason nou ka prezante Toudegad 1ye jen ak Réveillez-vous ! 8 jen. Adapte chak prezantasyon yon fason pou l atire yon moun ki nan relijyon yo pratike nan zòn nan. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : “ Mizik ki bay rekonfò. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Pale sou sa ki di nan Annuaire 2002 a paj 175, ak nan La Tour de Garde 1ye novanm 1999, paj 22 § 4-paj 23 § 1.
18 min : Prepare nou pou nou bay temwayaj enfòmèl. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. L ap baze sou Ministè Wayòm jen 2003, paj 3. Fè aranjman alavans pou kèk moun rakonte eksperyans yo te fè pandan yo t ap bay temwayaj enfòmèl. Fè de demonstrasyon toukout sou fason yo ka itilize feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? ak bwochi Une bonne nouvelle pour toutes les nations an nan temwayaj enfòmèl.
Kantik 211 ak priyè final.
Semèn 31 me
Kantik 26
8 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa me.
17 min : Lavi se yon kado nou dwe cheri. Konvèsasyon avèk oditwa a. Li baze sou liv Comment raisonner a, paj 39-41. Fè yon ti pale sou sa ki di nan Réveillez-vous ! 22 me 1993, paj 10-11. Ki jan ou ta esplike yon moun pwennvi Jewova sou avòtman, si moun sa a ta panse yon fi gen dwa pou l deside sou kesyon ki konsène kò l ? Rakonte eksperyans ki nan La Tour de Garde 1ye janvye 2000, paj 4 § 4-5.
20 min : “ N ap ofri liv Écoute le grand Enseignant an. ” Pandan mwa jen an, n ap ofri piblikasyon sa a. Atire atansyon oditwa a sou sa ki di nan liv la nan paj 7 § 1-3. Mande moun ki nan oditwa a pou yo di ki sa yo renmen nan liv la. Egzamine prezantasyon yo sijere yo. Souliye fason pou nou sèvi ak foto yo lè n ap ofri liv la. Mande yon jèn pou fè yon demonstrasyon sou premye prezantasyon an, e fè yon moun ki pi gran fè youn nan lòt yo. Si gen yon lòt fason pou prezante liv la k ap bay pi bon rezilta nan tèritwa a, nou ka pale de sa, epi apre, n ap fè yon demonstrasyon sou li nan plas youn nan dènye prezantasyon yo.
Kantik 24 ak priyè final.
Semèn 7 jen
Kantik 136
10 min : Anons lokal. Pale sou pwen enpòtan nan sijè “ Se yon fason pou nou ede yo. ” Site non kèk lang etranje nou konn rankontre moun nan tèritwa kongregasyon an se li sèlman yo pale.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Sèvi ak egzanp ki efikas. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou Toudegad 1ye septanm 2002, paj 28-30. Di kat bagay ki fè yon egzanp efikas ? Poukisa li pi bon pou nou sèvi ak egzanp ki senp ? Ki kote nou ka jwenn bèl egzanp ? Egzamine kèk nan egzanp yo bay nan kare ki nan paj 29 la, epi pale sou rezon ki fè chak egzanp sa yo bay bon rezilta.
Kantik 133 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.