BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/04 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Soutit
  • Semèn 11 oktòb
  • Semèn 18 oktòb
  • Semèn 25 oktòb
  • Semèn 1ye novanm
Ministè Wayòm nan — 2004
km 10/04 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 oktòb

Kantik 219

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo sèvi ak kesyon yo ki nan paj 1 an pou yo repase nòt yo te pran nan kongrè distri “ Annou mache avèk Bondye ”, nan preparasyon y ap fè pou reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 8 la (si yo apwopriye pou tèritwa kongregasyon an) pou nou montre fason pou nou prezante Réveillez-vous ! 22 oktòb ak Toudegad 1ye novanm. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo sèvi ak yon vèsè biblik nan prezantasyon y ap fè a. Nou ka fè lòt prezantasyon ki apwopriye. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Yo jwenn plezi nan ede lòt moun (Jan 4:34). Entèvyou. Se yon plezi pou nou wè vizaj yon moun ap briye lè l aprann verite ki sot nan Pawòl Bondye a (w94 1/3 p. 29 § 6-7). Entèvyouwe de oswa twa pwoklamatè oubyen pyonye ki efikas nan sèvi ak Bib la nan ministè a e ki efikas nan kòmanse etid biblik e nan kondui yo. Ki jan yo kontinye pousuiv enterè yo jwenn ? Ki jwa yo jwenn nan fè sa ? Mande yo rakonte eksperyans yo te fè nan ministè a oswa fè yo fè demonstrasyon sou jan sa te pase.

20 min : “ Yon kanpay espesyal pou distribye nouvo bwochi a. ”a Siveyan sèvis la ap fè pati sa a. Fè demonstrasyon sou prezantasyon yo sijere yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, moun ki nan kay la ap montre li enterese toupiti nan mesaj nou ba li ki sot nan Bib la. N ap remèt li yon feyè olye nou ba l bwochi a.

Kantik 69 ak priyè final.

Semèn 18 oktòb

Kantik 127

5 min : Anons lokal. Fè yon ti pale tou kout sou aranjman ki fèt pou kanpay espesyal pou distribye nouvo bwochi a.

40 min : “ Kongrè distri a ankouraje nou pou nou mache avèk Bondye. ” Yon ansyen ap fè pati sa a. Apre yon entwodiksyon ki dire yon minit oswa mwens, sèvi ak kesyon ki nan atik la pou w egzamine ak oditwa a sa k te di nan kongrè a. Separe tan an pou w kapab jwenn ase tan pou chak kesyon, petèt ou kapab aksepte sèlman yon repons pou kèk nan kesyon yo. Nou pap ka li tout vèsè yo site yo nan tan yo ban nou an. Yo mete yo pou fasilite nou jwenn repons yo. Kòmantè yo dwe santre sou byenfè n ap jwenn nan aplike bagay nou aprann.

Kantik 165 ak priyè final.

Semèn 25 oktòb

Kantik 56

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè yon demonstrasyon sou yon prezantasyon ki gen bon rezilta nan tèritwa kote n ap ofri nouvo bwochi a. Si gen tan pou sa, rakonte kèk eksperyans ki fèt pandan kanpay espesyal la.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Founi prèv pou w apiye Pawòl Bondye a. Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv École du ministère la, paj 256-7. Ki jan nou kapab sèvi ak prèv ki sot nan sous ki an deyò Bib la pou nou ede moun apresye lojik ki gen nan Ekriti yo ? Envite oditwa a fè kòmantè sou kesyon nou pral wè la yo : Ki egzanp nan linivè nou ta kapab bay kòm prèv ki montre gen yon Kreyatè (rs paj 73-4) ? Ki jan nou kapab sèvi ak kòmantè biblis yo oswa espè yo pou nou ede lòt moun wè Labib se Pawòl Bondye toutbonvre (rs paj 55-7) ? Ki egzanp oswa ki konparezon nou kapab itilize pou nou ede lòt moun wè poukisa Bondye pèmèt mechanste (rs paj 239) ? Ki eksperyans oswa ki egzanp ou itilize pou w ede lòt moun apresye sajès ki genyen nan suiv konsèy ki nan Bib la ?

Kantik 62 ak priyè final.

Semèn 1ye novanm

Kantik 15

10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò yo.

20 min : Fason pou nou ede moun ki pale yon lòt lang. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou entwodiksyon bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations. Atire atansyon sou prezantasyon yo bay nan nouvo bwochi a. Pale sou twa etap nou kapab konsidere pou nou ede moun ki pale yon lang nou pa konprann. Sèvi ak kòmantè nou jwenn nan Ministè Wayòm jiyè 2003 a, paj 4. Fè yo sonje yo dwe nòmalman ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a, menmsi moun nan pa montre li enterese nan mesaj Wayòm nan. Fè yon demonstrasyon ki montre fason pou nou sèvi ak nouvo bwochi a.

15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Envite oditwa a rakonte bèl eksperyans yo te fè pandan kanpay espesyal pou distribye nouvo bwochi a. Fè aranjman alavans pou nou fè demonstrasyon jan sa te pase sou bèl eksperyans ki te fèt. Si stòk bwochi ki gen nan kongregasyon an ap diminye, mande moun ki gen bwochi anplis pou yo pote yo tounen nan kontwa piblikasyon an.

Kantik 175 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje