BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/04 p. 1
  • Toujou sonje gen ijans !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Toujou sonje gen ijans !
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Kontinye preche san pèdi tan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Fason nou ka montre nou gen konviksyon li ijan pou n preche
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Tank lafen an ap pwoche pi pre, annou bay temwayaj la pirèd
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Preche san pèdi tan!
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 11/04 p. 1

Toujou sonje gen ijans !

1 Jezi te konnen tan li te genyen pou l akonpli travay Papa l te ba l fè sou tè a te kout (Jan 9:4). Se poutèt sa, toutpandan li t ap akonpli ministè l, li te toujou sonje gen ijans, e li te fòme disip li yo pou yo fè menm jan avè l (Lik 4:42-44 ; 8:1 ; 10:2-4). Li pa t bay konfò materyèl priyorite nan lavi l (Mat. 8:20). Konsa, li te kapab fini travay Jewova te ba l fè a. — Jan 17:4.

2 Tan an kout : Tan pou nou preche bon nouvèl la sou “ tout latè ki abite ” a kout tou (Mat. 24:14). Pwofesi ki nan Bib la montre nou gentan rive fon nan tan lafen an. Nan yon ti tan ankò, ‘ moun ki pa konnen Bondye e moun ki pa obeyi bon nouvèl la konsènan Jezi, Seyè nou an, [...] pral sibi pinisyon jidisyè destriksyon etènèl la. ’ ​(2 Tes. 1:6-9). Jijman sa a pral frape bridsoukou (Lik 21:34, 35 ; 1 Tes. 5: 2, 3). Moun yo bezwen reveye devan sitiyasyon danjere sa a. Se responsablite nou pou nou ede yo chèche favè Jewova pandan gen tan toujou. — Sef. 2:2, 3.

3 Annou fè tout sa nou kapab : Etandone nou rekonèt “ tan ki rete a vin pi kout ”, sèvitè Bondye yo bay travay predikasyon an priyorite (1 Kor. 7:29-31 ; Mat. 6:33). Gen kèk nan yo ki abandone plizyè okazyon pou yo fè kòb oubyen lòt objektif pèsonèl pou yo kapab ogmante patisipasyon yo nan ministè a (Mak 10:29, 30). Genyen lòt ki kontinye gen ‘ anpil bagay pou yo fè nan travay Seyè a ’, malgre yo kontinye ap andire eprèv (1 Kor. 15:58). Gen anpil nan yo k ap pwoklame bon nouvèl la an piblik depi plizyè dizèn ane san yo pa brannen (Ebre 10:23). Jewova bay tout sakrifis sa yo pou soutni Wayòm nan anpil valè. — Ebre 6:10.

4 Lè nou santre lavi nou sou adorasyon n ap bay Jewova a, adorasyon ki gen ladan l travay predikasyon an, sa ede nou toujou kenbe jou Jewova a nan lespri nou. Sa pwoteje nou pou monn Satan an pa fè nou pèdi vijilans nou. Sa ranfòse detèminasyon nou tou pou nou kenbe yon konduit ki sen (2 Pyè 3: 11-14.) Vrèmanvre, lè nou akonpli ministè nou toutpandan nou sonje gen ijans, sa kapab sove ni nou menm ni moun k ap koute nou. — 1 Tim. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje