BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/04 p. 1
  • Èske w kapab pote èd pa w ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w kapab pote èd pa w ?
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Èske w “ vle ” ede moun ki bezwen èd ?
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Ann montre nou sonje moun aje ki fidèl yo
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Èske w ka envite yo?
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Ki sa ki kapab ede nou kenbe fèm nan lafwa ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 11/04 p. 1

Èske w kapab pote èd pa w ?

1 Jewova toujou ap chèche mwayen pou l pote èd pou sèvitè fidèl li yo (2 Kwo. 16:9 ; Iza. 41:10, 13). Pandan Izayi t ap konpare Jewova ak yon bon bèje, men sa l ekri : “ Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li. L ap mennen sa ki nouris yo avèk prekosyon. ” ​(Iza. 40:11). Annou egzamine kèk fason nou ka imite sousi Jewova montre l gen pou nou.

2 Ede moun ki nouvo yo : Nou kapab pote èd bay nouvo yo lè nou envite yo vin patisipe avèk nou nan aktivite ki ka fòtifye yo (Pwo. 13:20). Yon frè sonje ki jan lòt moun te ede l lè l te fèk kòmanse frekante kongregasyon an. Li di : “ Gen yon fanmi ki te envite m vin patisipe plizyè fwa avèk yo nan etid familyal. Etandone m te pwogrese, gen yon jèn koup pyonye, regilyèman ki te konn envite m pase plizyè jounen ansanm avèk yo nan ministè a. Nou te toujou konn gen bèl konvèsasyon espirityèl. ” Men sa l di ankò : “ Anvan m te vin kretyen, mwen te gen abitid al nan detant ni vandredi swa ni samdi swa. Men tan mwen te pase ak frè yo te konble bezwen m nan domèn frekantasyon. ” Lefètke kongregasyon an te enterese ede frè sa a avèk amou, sa te fè l byen anrasinen epi stab nan lafwa. E kounye la a, l ap sèvi antanke manm fanmi Betèl. — Kol. 2:6, 7.

3 Annou youn bati lòt : Nou kapab disène okazyon pou nou pote èd bay frè nou yo lè y ap afwonte sikonstans ki difisil. Èske w kapab fè aranjman avèk yon pwoklamatè enfim pou nou bay temwayaj nan telefòn ? Oubyen èske w ka envite l akonpaye w nan yon etid biblik, e petèt menm mennen etidyan an lakay enfim nan ? Èske yon paran ki gen timoun piti pa t ap apresye yo ede l lè l pral nan predikasyon ? Èske moun ki timid yo pa t ap byen kontan w ede yo lè y ap fè vizit oswa lè y ap patisipe nan lòt aspè ministè a ? Si nou renmen frè nou yo e nou montre nou gen sousi pou yo, sa ap pouse nou chèche mwayen pou nou bati yo. — Wom. 14:19.

4 Lè nou imite Jewova nan fason li sousye l de sèvitè l yo avèk tandrès, nou fòtifye nou youn lòt. Nou ede kongregasyon an kontinye mache ansanm nan lanmou e nou glorifye Papa nou ki nan syèl la. — Efe. 4:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje