Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv ki te parèt anvan 1990 kongregasyon an genyen nan stòk li. Si nou pa gen youn ladan yo, tcheke pou n wè si kongregasyon nan zòn nan pa genyen nan liv sa yo ki rete nan stòk pa yo. Si yon kongregasyon pa rive jwenn ansyen liv sa yo, li kapab ofri liv Adorez le seul vrai Dieu a. Fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa gen liv sa a, nou mèt ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a sitou si moun nan deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.
◼ Apati mwa fevriye rive 6 mas pou pi ta, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante yon nouvo diskou piblik : “ Ann aji avèk sajès nan yon monn ensanse. ”
◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la jedi 24 mas, apre solèy la fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo pa dwe pase anblèm yo anvan solèy la kouche. Verifye a ki lè solèy la ap kouche nan zòn nou ye a. Pou Memoryal la, li ta pi bon pou chak kongregasyon fè pwòp selebrasyon pa yo. Men, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka chèche jwenn lòt lokal pou sware a. Kote sa posib, li ta bon pou gen omwen 40 minit ant selebrasyon yo. Sa ap pèmèt tout moun pwofite okazyon an o maksimòm. Nou dwe egzamine pou nou wè ki jan sikilasyon an ye nan zòn nan oswa si ap gen kote pou nou pakin machin yo, san nou pa bliye pwoblèm ki ka genyen nan monte machin desann machin. Kolèj ansyen yo dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.
◼ Liv Recueil d’histoires bibliques la disponib kounye a an kreyòl ayisyen. Li rele : Liv istwa biblik mwen an (my-CR). Se yon nouvo edisyon. Apre 116 istwa yo, gen yon ribrik ki rele “ Kesyon pou etidye liv istwa biblik mwen an ” ki gen 32 paj. L ap itil pou ede nou etidye liv sa a afon. Tout kongregasyon yo dwe fè kòmann liv sa a imedyatman, pou tout pwoklamatè ak etidyan ki la regilyèman nan reyinyon ka gen liv pa yo.