Yon seri dokimantè sou DVD
DVD ki gen tit Des alternatives à la transfusion — Documentaires la gen twa pwogram videyo sou li. Yo fè dokimantè Stratégies alternatives à la transfusion : simples, sûres, efficaces la pou doktè ak etidyan nan medsin. Se sa k fè li gen plis sèn kote moun ap fè operasyon pase de lòt yo. Se sitou pou jounalis medikal, otorite nan domèn sante, travayè sosyal ak majistra yo fè dokimantè ki gen tit Soigner sans transfusion : besoins et droits du patient. Li egzamine fason moun ka pran bezwen pasyan yo an konsiderasyon nan domèn medikal, toutpandan yo rekonèt dwa pasyan sa yo genyen. Kanta pou dokimantè Pas de sang : la médecine relève le défi a, yo fè l prensipalman pou piblik la an jeneral. DVD a se ann anglè li ye, men ou ka chwazi lòt lang ki tou pwograme sou li, tankou alman, espayòl ak fransè. Tanpri, pa ezite pase dokimantè sa yo pou doktè nou, etidyan nou, konjwen nou oswa manm fanmi nou ki pa Temwen, kòlèg travay nou oubyen kondisip lekòl nou. Si posib, nou ka menm fè yo jwenn youn nan DVD sa a.