BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/05 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 2/05 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 28 fevriye 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 3 janvye pou rive nan semèn 28 fevriye 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa nou ka fè pou nou rann sa n ap di yo pi konpreyansib ? [be p. 226 § 1–p. 227 § 1]

2. Ki kalite ekspresyon ki kapab mande pou nou bay yon ti esplikasyon sou yo ? [be p. 227 § 2–p. 228 § 1]

3. Ki metòd k ap ede nou prezante sa n ap di a yon fason pou l enstwi moun k ap koute yo toutbonvre ? [be p. 231 § 1-3]

4. Ki jan nou ka fè pou oditwa a tire pwofi nan lekti yon vèsè biblik moun abitye avè l ? [be p. 231 § 4-5]

5. Ki efè sa ka genyen sou moun k ap koute nou yo lè nou atire atansyon yo sou kèk detay ki genyen nan yon istwa biblik yo byen konnen ? [be p. 232 § 2-4]

EKSPOZE No 1

6. Pou nou aprann moun yo pou yo ‘ krenn vrè Dye a e pou yo kenbe kòmandman l yo ’, ki sa sa gen ladan l ? (Ekl. 12:13) [be p. 272 § 3–p. 273 § 1]

7. Ki jan nou ka fè pou nou pa sèlman atire atansyon sou non Jewova a, men sou pèsonaj ki pote non sa a ? (Yow. 2:32) [be p. 274 § 3-5]

8. Ki enpòtans sa genyen pou nou aprann konnen Jezi e pou nou rann temwayaj sou li ? (Jan 17:3) [be p. 276 § 1]

9. Ki jan bonjan relasyon nou genyen avèk Bondye ansanm ak konpreyansyon nou genyen sou Bib la gen rapò dirèk ak fason nou konprann wòl Jezi jwe ? [be p. 276 § 2]

10. Ki jan nou ka montre nou kwè toutbon Jezi Kris se Wa ? [be p. 277 § 4]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Èske Tera, papa Abraram, te konn adore zidòl ? (Joz. 24:2)

12. Èske Gideyòn te manke kouraj pou l te akonpli misyon Jewova te konfye l la ? Poukisa se konsa w reponn ? (Jij 6:25-27)

13. Ki leson nou ka tire nan fason Gideyòn te pale ak tribi Efrayim nan ? (Jij 8:1-3)

14. Lefètke moun ki t ap viv Gibeya yo pa t dispoze montre ospitalite, ki sa sa te demontre ? (Jij 19:14, 15)

15. Si ‘ chak moun te abitye fè sa ki dwat nan je pa yo ’, èske sa pa t favorize anachi ? (Jij 21:25)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje