Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa gen liv sa a, nou mèt ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Adorez Dieu a. Fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv sa a sitou si moun nan deja etidye liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a.
◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye mas oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo kenbe yon kont apa tankou pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa, apre yo fin li rapò sèvis kont lan.
◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt S-201 nou resevwa chak ane a.
◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2005 lan : “ Poukisa Jezi te soufri e li te mouri ? ” Gade anons yo te deja bay sou sa nan Ministè Wayòm septanm 2004 la.
◼ Nou tout ta dwe la nan reyinyon piblik y ap fè dimanch 20 mas pou nou tande yon anons espesyal konsènan yon nouvo aranjman pou pwoklamatè yo.
◼ Filyal la pap egzekite demann pèsonèl pwoklamatè fè pou piblikasyon. Siveyan prezidan an dwe pran dispozisyon pou fè yon anons chak mwa, anvan yo voye demann piblikasyon kongregasyon an fè pou mwa a bay filyal la. Konsa, tout moun ki enterese gen kèk piblikasyon kapab fè frè ki responsab piblikasyon an konn sa. Tanpri, sonje gen yon seri piblikasyon se kòmann espesyal yo ye.