BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 14 fevriye
  • Semèn 21 fevriye
  • Semèn 28 fevriye
  • Semèn 7 mas
Ministè Wayòm nan — 2005
km 2/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 fevriye

Kantik 174

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou prezante La Tour de Garde 15 fevriye ak Réveillez-vous ! 22 fevriye. Fè yon ti pale toukout sou fason chak prezantasyon yo bay kòm modèl kapab adapte ak sitiyasyon tèritwa kongregasyon an. — Gade nan Ministè Wayòm janvye 2005, paj 8.

35 min : “ Epòk Memoryal la : yon epòk pou plis aktivite. ”a Siveyan sèvis la ap fè pati sa a. Lè n ap egzamine paragraf 6 la, fè kòmantè sou paj 12-13 nan Réveillez-vous ! 8 septanm 2004. Site non moun ki pyonye oksilyè yo. Pale de aranjman yo fè pou reyinyon predikasyon siplemantè yo. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo fè yon fason pou ogmante aktivite espirityèl yo nan epòk Memoryal la.

Kantik 14 ak priyè final.

Semèn 21 fevriye

Kantik 31

10 min : Anons lokal. Egzamine pwen enpòtan nou jwenn nan kare ki nan paj 6 la : “ Ede yo resevwa yon lòt temwayaj ”. Ankouraje tout pwoklamatè pou yo ranpli fòmilè Veuillez suivre l’intérêt (S-43) a san pèdi tan, lè sa nesesè.

20 min : “ Annou di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li an. ” b Fè konnen lè ak kote y ap selebre Memoryal la ansanm ak non oratè a ak lòt detay enpòtan. Lè n ap egzamine paragraf 4 la, fè yon demonstrasyon toukout kote yon pwoklamatè ap envite yon moun li gen wout peryodik avè l nan Memoryal la. Apre reyinyon an, fich envitasyon yo ta dwe disponib, si sa poko fèt.

15 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Sizyèm pati. ”c Fè yon demonstrasyon pandan kat minit kote yon moun k ap etidye Labib mande poukisa se kèk grenn moun sèlman ki manje pen an e ki bwè diven an. Kondiktè etid la felisite l pou kesyon l lan. Li ekri kesyon an e li pwopoze pou yo pale sou sa apre yo fin fè etid yo te prevwa pou semèn nan. Nan konklizyon etid la, kondiktè a egzamine ak etidyan an pati ki nan liv Comment raisonner a anba kesyon “ Qui est en droit de participer au pain et au vin ? ” nan paj 243-4. Yo li paragraf yo ansanm, epi etidyan an montre jan li apresye repons klè li te jwenn pou kesyon li te soulve a.

Kantik 21 ak priyè final.

Semèn 28 fevriye

Kantik 42

15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò mwa fevriye a. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou prezante Toudegad 1ye mas ak Réveillez-vous ! 8 mas. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan konklizyon youn nan prezantasyon yo, montre pwoklamatè k ap sèvi ak enfòmasyon ki gen nan do Réveillez-vous ! 8 mas la pou l envite moun l ap pale avè l la nan Memoryal la.

20 min : Montre w gen sousi pou moun ki fèb yo (Tra. 20:35). Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons nan Toudegad 1ye jiyè 2004, paj 28-29 § 12-16, menm jan ak yon etid Toudegad. Fè yon frè ki konn li byen li paragraf yo. Mete aksan sou fason nou kapab aplike enfòmasyon an ki gen rapò ak Memoryal la ki toupre a ansanm ak diskou espesyal la.

10 min : Ofri bwochi Kontinye Veye ! a. Egzamine prezantasyon yo kapab itilize pou yo ofri bwochi a nan mwa mas la, epi fè kèk demonstrasyon. Yo kapab sèvi ak modèl prezantasyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2005 lan oswa ak lòt prezantasyon ki efikas nan tèritwa a.

Kantik 72 ak priyè final.

Semèn 7 mas

Kantik 12

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou pwen enpòtan ki nan kare “ Rapèl pou Memoryal la ”.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Ofri peryodik yo nan ministè w. ”d Lè n ap egzamine paragraf 3 ak paragraf 4, fè yon aplikasyon lokal sou sijè a. Fè entèvyou ak youn oswa de pwoklamatè ki efikas nan plase peryodik nan zòn komèsyal, nan lari, sou plas piblik oubyen nan temwayaj enfòmèl. Mande yo bay esplikasyon sou fason yo ofri peryodik yo nan sitiyasyon sa yo. Fè yon demonstrasyon toukout oswa fè yo repwodui yon eksperyans yo te fè.

Kantik 192 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje