Anons
◼ Piblikasyon n ap ofri an jen : Liv Écoute le grand Enseignant. Si moun nou rankontre a di li pa gen timoun, ofri l liv Bonheur familial la oubyen liv Konesans lan. Fè tout sa nou kapab pou nou kòmanse etid biblik. Jiyè ak out : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Les esprits des morts ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; oswa “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ?
◼ Yo dwe mete yon liv Organisés pour faire la volonte de Jéhovah nan bibliyotèk Sal Wayòm nan. Nou kapab jwenn plis enfòmasyon sou bibliyotèk Sal Wayòm nan, nan Ministè Wayòm fevriye 2003, paj 5, ak nan Ministè Wayòm avril 1997, nan ribrik : Repons kesyon w yo.
◼ Sekretè yo ta dwe toujou fè Biwo konstriksyon Sal Wayòm nan konnen sitiyasyon nenpòt pwoklamatè batize ki ranpli yon fòmilè Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume (A-25-F). Lè sitiyasyon yon volontè chanje, swa li ta demenaje oubyen yo ta nome li asistan ministeryèl oubyen ansyen, se pou yo fè volontè a ranpli yon lòt fòmilè, epi voye l bay biwo konstriksyon an imedyatman. Si yon volontè chanje adrès postal oubyen nimewo telefòn, oubyen li pa gen bon repitasyon nan kongregasyon an ankò, ansyen yo dwe ekri Biwo konstriksyon an sou sa imedyatman. Yo dwe kite fòmilè (A-25-F) ki konplè a nan dosye kongregasyon an pou siveyan sikonskripsyon an ka analize l lè l ap vizite kongregasyon an.