BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/05 p. 3-6
  • Prezantasyon yo sijere pou nou ofri bwochi yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Prezantasyon yo sijere pou nou ofri bwochi yo
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Doit-on croire à la Trinité ?
  • Le gouvernement qui établira le Paradis
  • Le nom divin qui demeure à jamais
  • Quand la mort frappe un être aimé...
  • Que devient-on quand on meurt ?
  • Une vie pleinement satisfaisante : Comment ?
  • Un livre pour tous
  • Viv alèz sou tè a pou toutan !
  • Prezantasyon yo sijere pou bwochi : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ?
  • **********
  • **********
  • Prezantasyon yo sijere pou bwochi : Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ?
  • **********
  • **********
  • Bwochi pou moun ki nan relijyon ki pa kwè nan Kris
  • Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ?
  • La direction venant de Dieu : le chemin qui mène au Paradis
  • La paix et le bonheur sans fin : comment les trouver ? (anglè)
  • Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ?
  • Pourquoi adorer Dieu en amour et en vérité ?
  • “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”
Ministè Wayòm nan — 2005
km 6/05 p. 3-6

Konsève yo

Prezantasyon yo sijere pou nou ofri bwochi yo

Paj mitan Ministè Wayòm sa a bay plizyè sijesyon ki ka ede nou prepare prezantasyon pou nou ofri bwochi yo. Nou ka adapte prezantasyon sa yo selon sitiyasyon zòn nan. Nou ka itilize lòt prezantasyon tou. Nou ka sèvi ak prezantasyon yo sijere yo kòm modèl pou nou prepare prezantasyon pou bwochi yo pa mansyone nan paj mitan sa a. — Gade nan Ministè Wayòm janvye 2005, paj 8.

Chak sijesyon ki nan paj sa a gen ladan l : 1) Yon kesyon ki pou fè moun reflechi, e k ap pèmèt nou kòmanse yon konvèsasyon, 2) yon referans ki bay ki kote nan bwochi a nou kapab jwenn pwen pou nou pale ak moun nan epi, 3) yon vèsè apwopriye nou ka li pandan konvèsasyon an. Pou konplete rès prezantasyon an, nou gen dwa sèvi ak pwòp mo pa nou selon sa ki entèrese moun nan.

Doit-on croire à la Trinité ?

“ Anpil moun gen pwennvi diferan konsènan kiyès Bondye ye toutbonvre. Èske w panse kwayans nou sou kesyon sa a gen enpòtans ? ” — p. 3, § 3, 7-8 ; Jan 17:3.

Le gouvernement qui établira le Paradis

“ Anpil moun swaf yon solisyon pou pwoblèm n ap rankontre jodi a. Èske w panse ap janm gen yon gouvènman ki ka rezoud pwoblèm sa yo ? ” — p. 3, § 1 ; Mat. 6:9, 10.

Le nom divin qui demeure à jamais

“ Pifò nan nou konnen priyè sa a ki kòmanse konsa : ‘ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. ’ ​(Mat. 6:9). Men, èske w te konnen pou nou rive sove li endispansab pou nou gen konesans sou non sa a ? ” — p. 28, § 1 ; Wom. 10:13.

Quand la mort frappe un être aimé...

“ Jodi a, n ap prezante moun yo bwochi sa a ki pote konsolasyon ak espwa pou plizyè milyon moun ki pèdi yon moun yo renmen. Èske w janm mande tèt ou : Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo ? ” — p. 27, § 3 ; Jan 528, 29.

“ Èske w janm mande tèt ou : Ki sa w ka fè pou w konsole yon moun ki gen yon moun li renmen ki mouri ? ” — p. 20, § 1 ; Pwo. 17:17.

Que devient-on quand on meurt ?

“ Lè nou gen moun nou renmen ki mouri, se yon bagay ki nòmal pou nou mande tèt nou ki kote yo ye, epi èske n ap janm wè yo ankò. Èske w janm reflechi sou kesyon konsa ? ” — Kesyon ki nan do bwochi a ; Jòb 14:14, 15.

Une vie pleinement satisfaisante : Comment ?

“ Tout kote sou tè a, moun ap chèche yon lavi miyò. Èske w panse sa ap janm posib pou nou gen yon lavi kote n ap satisfè toutbonvre ” — p. 29, § 6 ; 2 Pyè 3:13.

Un livre pour tous

“ Èske w panse Bib la gen ladan l konsèy ki pratik pou epòk nou an ? ” — p. 22, kòmantè ki anlè nan p. 23 a, § 3 nan kare a ; Pwo. 25:11.

Viv alèz sou tè a pou toutan !

“ Gen anpil moun ki panse se nan syèl yo dwe ale pou yo viv alèz pou toutan. Men sa w panse de posiblite pou moun viv sou tè a pou toutan ? ” — Foto ki sou kouvèti bwochi a ; Rev. 21:4.

Prezantasyon yo sijere pou bwochi : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ?

Apre w fin mansyone yon evènman trajik ki fè pale de li, ou ka di :

“ Èske w janm mande tèt ou si Bondye gen sousi pou lèzòm toutbonvre, poukisa li kite y ap soufri ? [Kite moun nan reponn.] Bwochi sa a byen reponn kesyon sa a, epi li montre ki sa Bondye pral fè nan yon avni ki pa twò lwen. [Montre moun nan foto ki nan paj 27 la, epi li Sòm 145:16 nan paragraf 22 a.] Ki jan Bondye pral elimine tout soufrans limanite konnen yo ? Mwen ta renmen egzamine kesyon sa a avèk ou lè m retounen vin vizite w. ” Ofri moun nan bwochi a epi pran randevou pou w retounen.

Nan nouvèl vizit la ou ka di :

“ Dènye fwa mwen te vizite w nou te li vèsè sa a. [Li, oubyen site Sòm 145:16.] Apre sa, mwen te poze kesyon sa a : Ki jan Bondye pral elimine mechanste ak soufrans limanite konnen yo ? ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la. Apre sa, ouvri bwochi a nan paj 27-8, epi egzamine paragraf 23-5. Pwopoze moun nan yon etid biblik, oubyen pran randevou pou w retounen vin egzamine paragraf 26-7 nan pwochen vizit la.

**********

Yon jèn pwoklamatè ka di :

“ Anpil moun ki nan laj mwen ap enkyete yo sou jan monn nan ap ye nan 10 ou 15 an. E ou menm ki jan w panse lavi a pral ye lè sa a ? [Kite moun nan reponn.] Tout pwoblèm nou wè ki genyen jodi a montre n ap viv nan dènye jou yo. [Li 2 Timote 3:1-3.] Bwochi sa a reponn kesyon sa yo. [Li kesyon yo ki sou po a, epi ofri l bwochi a.] Lè mwen retounen, si w gen kèk minit mwen ta renmen pataje yon panse ankourajan avè w konsènan jan maladi ak vyeyès pral fini. ” Pran randevou pou w retounen.

Lè w retounen ou ka di :

“ Dènye fwa nou te pale, mwen te di w mwen ta renmen pataje yon panse avè w konsènan jan maladi ak vyeyès pral fini. Se pwen sa a nou jwenn la a. ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la. Apre sa, li, epi egzamine paragraf 6-7 nan paj 23-4. Pran randevou pou w retounen vin egzamine paragraf 8-9 nan pwochen vizit la.

**********

Lè yon granmoun ap preche ak yon timoun, li ka prezante tèt li ansanm ak timoun nan epi li ka di :

“ Si w pèmèt ________, li ta byen kontan li yon vèsè pou ou. [Timoun nan ap li Sòm 37:29, epi l ap fè yon kòmantè tou kout sou li.] Bwochi sa a montre ki jan Bondye pral reyalize objektif li genyen pou lèzòm ansanm ak objektif li pou tè a. [Montre foto ki nan paj 24-7.] Lè nou retounen, mwen ta renmen montre w bèl pwomès Bib la fè konsènan rezirèksyon. ” Ofri bwochi a epi pran randevou pou w retounen.

Nan nouvèl vizit la, granmoun nan ka di :

“ Premye fwa nou te rankontre a, nou te li Sòm 37:29 epi m te di w mwen te vle montre w sa Bib la di konsènan rezirèksyon. Gade sa yo di la a. ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la, epi egzamine paragraf 12-14 nan paj 24-5. Pwopoze moun nan yon etid biblik, oubyen pran randevou pou w retounen vin egzamine paragraf 15-16 nan pwochen vizit la.

Prezantasyon yo sijere pou bwochi : Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ?

Apre w fin salye moun nan, ou ka di :

“ Jodi a pwoblèm ak desepsyon se bagay moun pa ka evite nan lavi a. Èske w panse se konsa lavi ta dwe ye ? [Kite moun nan reponn.] Bwochi sa a montre objektif Bondye te genyen okòmansman pou lèzòm ansanm ak tè a finalman pral reyalize. [Fè yon ti pale sou foto ki nan paj 20-1 an. Apre sa, li paragraf 9 la pandan w ap atire atansyon sou Izayi 14:24 ak Izayi 46:11.] Pwochèn fwa a mwen ta renmen montre w ki kote Bib la pale de Paradi Bondye pral retabli sou tè a. ” Ofri moun nan bwochi a, epi pran randevou pou w retounen.

Lè w retounen ou ka di :

“ Dènye fwa a, nou te pale sou objektif Bondye genyen pou lèzòm viv etènèlman nan yon paradi sou tè a. [Montre foto ki nan paj 20-1 an ankò.] Remake ni Jezi, ni Pyè, ni David yo tout te pale de Paradi a. ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la. Apre sa, ale nan paj 21-2, egzamine paragraf 10-13. Ofri moun nan yon etid biblik oubyen pran randevou pou w vin egzamine youn nan soutit ki nan paj 29-30, nan pwochen vizit la.

**********

Yon jèn pwoklamatè ka di :

“ Anpil moun ki nan laj mwen gen dout konsènan lavni. Èske w panse lavi a ap miyò pou jenerasyon k ap vini an ? [Kite moun nan reponn.] Bib la pale de yon bèl avni pou tout limanite. [Ouvri bwochi a nan foto ki nan paj 31 an, epi li kòmantè yo fè sou foto a. Apre sa, li 2 Pyè 3:13.] Bwochi sa a pale sou benediksyon Bondye sere pou lèzòm. [Atire atansyon moun nan sou soutit ki an lèt gra nan paj 29-30, epi ofri bwochi a.] Mwen ta renmen vin vizite w ankò pou nou pale sou pwomès Bondye fè pou l mete fen nan lagè. ” Pran randevou pou w retounen.

Le w retounen ou ka di :

“ Dènye fwa mwen te vizite w, nou te fè yon ti pale sou objektif Bondye genyen pou l fè tè a vin yon paradi. [Tounen sou foto ki nan paj 31 an ankò.] Mwen ta byen renmen konnen sa w panse de pwomès Bondye fè pou l mete fen nan lagè. ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la, epi egzamine paragraf 3-6 nan paj 29 la. Pran randevou pou w egzamine paragraf 7-8 nan pwochen vizit la.

**********

Lè yon granmoun ap preche ak yon timoun, li ka prezante tèt li ansanm ak timoun nan epi li ka di :

“ Si w pèmèt ________, li ta renmen montre w yon foto epi li ta renmen li yon vèsè nan Bib la pou ou. [Timoun nan ap montre foto a, epi l ap li kòmantè yo fè sou li nan paj 31 an. Apre sa, l ap li Revelasyon 21:4.] Bwochi sa a esplike ki sa Bondye pral fè ak pwoblèm n ap rankontre jodi a. [Atire atansyon moun nan rapidman sou soutit ki an lèt gra ki nan paj 29-30, epi ofri moun nan bwochi a.] Lè nou retounen mwen ta renmen montre w sa Bib la di sou tout pwoblèm sante ki gen pou fini. ”

Nan nouvèl vizit la, granmoun nan ka di :

“ Nan ti pale nou te fè dènye fwa a, mwen te di w mwen ta renmen montre w sa Bib la di sou tout pwoblèm sante ki gen pou fini. Gade sa ki di la a. ” Mande moun nan pou l pran bwochi pa l la, epi egzamine paragraf 9-14 nan paj 29. Pwopoze moun nan yon etid biblik, oubyen pran randevou pou w egzamine paragraf 15-17 nan pwochen vizit la.

Bwochi pou moun ki nan relijyon ki pa kwè nan Kris

Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ?

Lè w ap pale ak yon juif ou ka di :

“ Pifò nan nou fè eksperyans tris sa a deja : nou pèdi yon moun nou renmen. Sa w panse nou devni lè nou mouri ? ” Kite moun nan reponn. Apre sa montre moun nan kare “ Que sont la mort et l’ âme ? ” nan paj 22, nan bwochi a, epi li paragraf 17 nan paj 23 a ki pale sou rezirèksyon. Pale l de Jòb, yon patriyach, ki te espere nan rezirèksyon. Ofri moun nan bwochi a, epi pran randevou pou w retounen vin egzamine vèsè yo site nan fen paragraf 17 la. — km 10/99 p. 8.

La direction venant de Dieu : le chemin qui mène au Paradis

Lè w ap pale ak yon mizilman ou ka di :

“ M ap fè yon efò espesyal pou m pale ak Mizilman yo. Mwen konnen Mizilman kwè nan yon sèl Dye e yo kwè nan tout pwofèt yo, èske se sa vre ? [Kite moun nan reponn.] Mwen ta renmen pale avèk ou konsènan yon ansyen pwofesi ki te predi tè a gen pou l transfòme pou l vin yon paradi. Èske m ka li sa pwofèt la te ekri a pou ou ? [Kite moun nan reponn, epi li Izayi 11:6-9.] Pwofesi sa a fè m panse ak yon pasaj ki nan Koran nou jwenn nan bwochi sa a. ” Ale nan paj 9 bwochi a, epi li sitasyon ki enprime an lèt gra a. Si moun nan montre sa enterese l, kontinye konvèsasyon an pandan w ap egzamine paragraf 7-9 nan paj agoch la. — km 11/99 p. 8.

La paix et le bonheur sans fin : comment les trouver ? (anglè)

Lè w ap preche yon etidyan chinwa ou ka di :

“ An jeneral, mwen remake tout etidyan sousye de yon bagay, yo tout vle lapè, yo tout vle bonè. Èske w panse sa gen enpòtans ? [Kite moun nan reponn.] Èske sa pa t ap yon bèl bagay pou nou ta wè pawòl sa yo ki te ekri depi byen lontan an reyalize ? ” Li Sòm 37:11, apre sa ofri moun nan bwochi a. — km-F 2/98 p. 5.

Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ?

Men sa w ka di yon jèn endou :

“ San dout ou kwè nan Bondye. Ki objektif ou panse li gen pou nou ? [Kite moun nan reponn, apre sa, li Jenèz 1:28.] Anpil kote sou tè a vin gen twòp moun e tè a ap depafini anba pwoblèm. Èske w panse Kreyatè a ta renmen ede nou rezoud pwoblèm nou yo ? ” Kite moun nan reponn, epi ofri l bwochi a. — km 9/99 p. 8.

Pourquoi adorer Dieu en amour et en vérité ?

Prezantasyon sa a ka enterese yon endou ki gen yon fanmi :

“ M ap vizite moun ki sousye sou jan lavi fanmi vin ye nan anpil peyi jodi a. Ki sa w panse ki kapab ede yon fanmi rete ini ? [Kite moun nan reponn.] Gen moun ki konnen sa liv Endou yo di sou fanmi, men yo pa janm gen okazyon konpare sa liv sa yo di ak sa Bib la di sou sa. Mwen ta renmen atire atansyon w sou panse sa a. [Li Kolosyen 3:12-14.] Bwochi sa a egzamine ni ekri sakre Endou yo ni sa Bib la di tou. ” Ofri moun nan bwochi a, epi atire atansyon l sou paj 8-9 ansanm ak paj 20-1. — km 9/99 p. 8.

“ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”

Ou ka di yon moun aje ki nan relijyon boudis :

“ Petèt sa enkyete w tou menm jan avèk mwen, pou wè jan pawòl deprave vin alamòd jodi a, ak efè yo fè sou timoun nou yo. Poukisa chak jou vin gen plis jèn ki lage kò yo nan imoralite ? [Kite moun nan reponn.] Èske w konnen sa te predi nan yon liv yo te kòmanse ekri byen lontan anvan ni relijyon mizilman yo, ni relijyon moun ki kwè nan Kris yo, ni relijyon endou yo te fonde ? [Li 2 Timote 3:1-3.] Remake byen kondisyon sa yo toujou egziste malgre lèzòm kontinye gen plis konesans. [Li vèsè 7 la.] Bwochi sa a te ede m konprann yon verite pifò moun poko janm aprann. Èske w pa ta renmen li l ? ” — km 8/99 p. 8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje