BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 12 septanm
  • Semèn 19 septanm
  • Semèn 26 septanm
  • Semèn 3 oktòb
Ministè Wayòm nan — 2005
km 9/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 septanm

Kantik 29

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 septanm ak Réveillez-vous ! 22 septanm. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Mande yon ansyen pou l fè youn nan prezantasyon yo epi fè yon jèn fè lòt la. Apre chak demonstrasyon, souliye kèk aspè pozitif nan prezantasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : “ Itilize tan nou avèk sajès. ”a Envite moun ki nan oditwa a pou yo esplike kòman yo te òganize yo yon fason pou yo te rezève tan chak jou pou yo li Bib la. Ankouraje fanmi yo ak chak moun an patikilye pou yo sèvi ak pwogram ki nan paj mitan Ministè Wayòm me 2005 lan pou yo pwograme aktivite espirityèl yo.

15 min : “ Ann kondui etid biblik k ap pwogrese. ”b Diskou avèk patisipasyon oditwa a, sou premye ak dezyèm pati paj mitan an. Nou ka gade tou Ministè Wayòm out 2004, paj 1 an. Poukisa li enpòtan pou nou byen prepare chak fwa nou pral kondui yon etid biblik ? Ki sa sa mande ? Envite moun ki nan oditwa a pou yo di ki jan yo aplike sijesyon yo te bay yo. Pou fini, fè ti pale sou kare ki anlè nan premye paj mitan an.

Kantik 110 ak priyè final.

Semèn 19 septanm

Kantik 168

10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou pwen kle nan lèt filyal la ki nan premye paj Ministè Wayòm sa a.

20 min : Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a ? Siveyan sèvis la ap analize rapò sèvis ane pase a. L ap mete aksan sou bon travay frè yo te akonpli nan ministè a, e l ap prezante yo felisitasyon apwopriye. Mansyone youn ou de domèn yo bezwen bay plis atansyon pou ane k ap vini an. Fè kèk remak sou travay pyonye yo te fè. Felisite yo pou bon travay yo te akonpli. Pale sou bon rezilta nou te jwenn grasa efò ki te fèt pou ede moun ki inaktif yo.

15 min : “ Se pou nou kontinye bati youn lòt. ”c Envite moun ki nan oditwa a pou yo pale sou jan yo te pwofite èd plen lanmou lòt frè yo.

Kantik 199 ak priyè final.

Semèn 26 septanm

Kantik 122

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Fè konnen bon nouvèl la grasa peryodik yo. Pandan mwa oktòb la, nou pral ofri Toudegad ak Réveillez-vous ! Nan entwodiksyon diskou a, pale sou sijesyon ki nan Ministè Wayòm fevriye 2005, paj 8, paragraf 3-6 : 1) Ofri peryodik yo ansanm. 2) Pwograme yon jou chak semèn pou nou patisipe nan difizyon peryodik. 3) Pèsonèlman, fikse yon kantite peryodik nou gen objektif pou nou plase pa mwa. 4) Pwofite tout okazyon apwopriye pou nou ofri peryodik yo. 5) Byen sèvi ak ansyen peryodik yo. Aplike sijesyon yo bay yo selon tèritwa kongregasyon an. Apre sa, si sijesyon ki nan paj 8, Ministè Wayòm sa a apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye oktòb ak Réveillez-vous ! 8 oktòb. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Anplis de sa, atire atansyon sou atik segondè ki ka enterese moun ki nan tèritwa a, epi fè yon demonstrasyon pou prezante youn nan atik sa yo. Apre chak demonstrasyon, souliye kèk aspè pozitif nan prezantasyon an.

Kantik 3 ak priyè final.

Semèn 3 oktòb

Kantik 54

5 min : Anons lokal.

20 min : “ Ann ede sanblab nou yo vin ‘ moun ki obeyi ak tout kè yo. ’ ”d Si gen tan pou sa, envite moun ki nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè biblik yo bay kòm referans yo.

20 min : Fè kè Jewova kontan (Pwo. 27:11). Fè entèvyou ak de oubyen twa moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova fidèlman. Mande yo chak pou yo di youn oubyen de bagay yo te fè ki te ede yo toujou obeyi Jewova. Pami bagay sa yo, yo ka site : yo fè etid pèsonèl nan Bib la avèk dilijans, yo asiste reyinyon regilyèman, yo frekante lòt moun ki fidèl, yo patisipe nan ministè a ak tout yo menm, yo fè priyè sensè e yo evite divètisman ki pa konvnab. Ki pwoblèm yo te jwenn ki te mete obeyisans yo aleprèv, e kòman yo te reyisi fè fas ak eprèv sa yo ? Ki benediksyon yo te jwenn pou obeyisans yo ?

Kantik 170 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje