BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 14 novanm
  • Semèn 21 novanm
  • Semèn 28 novanm
  • Semèn 5 desanm
Ministè Wayòm nan — 2005
km 11/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 novanm

Kantik 220

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante Réveillez-vous ! 22 novanm ak Toudegad 1ye desanm. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan chak prezantasyon, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Relijyon pa enterese m. ” ​(Gade nan ribrik : “ La religion ne m’intéresse pas ” nan liv Comment raisonner a, paj 16-17.) Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Ofrann ki fè Bondye plezi. Diskou pou yon ansyen fè. L ap baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2005, paj 26-30 (fransè).

20 min : “ Pwoklame glwa Jewova. ”a Lè w rive nan paragraf 4, envite moun ki nan oditwa a pou yo fè yon ti pale tou kout sou kèk eksperyans ki montre fason yon bèl konduit ka ouvri pòt pou nou bay temwayaj.

Kantik 24 ak priyè final.

Semèn 21 novanm

Kantik 40

10 min : Anons lokal.

20 min : Fè Jewova vin Bondye w. Diskou pou yon ansyen fè. Li baze sou La Tour de Garde 1ye avril 2005, paj 25-28 (fransè). Bay fason nou ka aplike leson nou tire nan egzanp Abraram, David ak Elicha.

15 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou atantif. ” b Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè remake yon bagay ki revele sa ki enterese moun l ap vizite a, e ansuit li adapte sa l ap di a dapre sa l obsève.

Kantik 67 ak priyè final.

Semèn 28 novanm

Kantik 7

12 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè yon demonstrasyon sou fason nou ka prezante La Tour de Garde 1ye desanm ak Réveillez-vous ! 8 desanm. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Mansyone dispozisyon ki genyen pou moun fè ofrann.

15 min : “ Ki jan nou ka pote èd pa nou ? ” Diskou. Bay kèk egzanp sou efò sèvitè Jewova yo fè pou yo pote yon soulajman pou konpayon kretyen yo ki nan gwo nesesite. (Gade nimewo Réveillez-vous ! sa yo : 8 out 2003, paj 10-15 ; 22 novanm 2002, paj 19-24 ; ak 22 oktòb 2001, paj 23-27. Nou ka sèvi ak lòt referans tou.) Pale de pwen prensipal atik ki nan paj 3 Ministè Wayòm nan. Fè konnen si yon moun ta renmen fè yon ofrann pou èd imanitè ak operasyon sekou, li t ap pi bon si li fè ofrann sa a pou travay mondyal la.

18 min : Annou prezante bon nouvèl la nan mwa desanm nan. Diskou ak konvèsasyon avèk oditwa a. Nan yon diskou k ap dire senk minit e k ap sèvi kòm entwodiksyon, fè yon revizyon tou kout sou pwen sa yo nou jwenn nan atik “ Fason pou nou sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo ” ki nan Ministè Wayòm janvye 2005 lan : 1) An jeneral, n ap pi efikas lè nou fè prezantasyon yo nan pwòp mo pa nou. 2) Nou fèt pou nou montre nou gen bon jijman e pou nou adapte prezantasyon nou yo selon koutim zòn nan. 3) Nou bezwen teni kont de edikasyon ak mantalite moun ki nan tèritwa nou yo. 4) Nou fèt pou nou li chapit nou prevwa atire atansyon moun nan sou li a avèk swen, e nou fèt pou nou chèche pwen ki ka eveye enterè moun nan. 5) Nou pa oblije sèvi sèlman ak prezantasyon yo bay kòm modèl yo. Ansuit, montre fason nou ka aplike pwen sa yo lè n ap prezante piblikasyon n ap ofri pou mwa desanm nan. Nou ka sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2005 lan oswa lòt prezantasyon ki efikas nan tèritwa kongregasyon an. Fè youn oswa de demonstrasyon sou fason pou nou fè prezantasyon yo.

Kantik 123 ak priyè final.

Semèn 5 desanm

Kantik 38

10 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Sa ministè nou an akonpli. ”c Lè nou rive nan paragraf 5 lan, fè kèk kòmantè sou La Tour de Garde 15 fevriye 2004, paj 32 (fransè).

Kantik 26 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje