BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/05 p. 5
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2005
Ministè Wayòm nan — 2005
km 12/05 p. 5

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 26 desanm 2005, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 7 novanm pou rive nan semèn 26 desanm 2005. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa nou ka fè pou nou asire nou se “ sou baz lanmou ” nou bay egzòtasyon nou yo ? (File. 9) [be p. 266]

2. Ki fason nou kapab “ egzòte [lòt moun] grasa ansèyman ki pwofitab ” la ? (Tit 1:9) [be p. 266 § 5–p. 267 § 1]

3. Poukisa li enpòtan pou nou rann diskou nou yo ankourajan, e ki jan nou ka rive fè sa ? [be p. 268 § 1-3, kare]

4. Lè nou ede lòt moun sonje sa Jewova fè pou pèp li a, tankou jan Moyiz te fè sa, ki jan sa kapab fè yo pran kouraj ? (Det. 3:28 ; 31:1-8) [be p. 268 § 5–p. 269 § 2]

5. Sa k fè lè nou pale avèk jwa konsènan sa Jewova ap fè kounye a e konsènan sa li pral fè alavni, sa kapab ankouraje moun k ap koute nou yo ? [be p. 270-1]

EKSPOZE No 1

6. Ki sa Septant lan ye, e poukisa li enterese kretyen yo ? [si-F p. 307 § 12–p. 310 § 14]

7. Kiyès Masorèt yo te ye, e ki gwo koutmen yo te bay nan tradiksyon Labib ? [si-F p. 310 § 18 ; p. 311 § 20-1]

8. Ki dokiman ki te sèvi tèks de baz pou yo te tradui Ekriti ebrayik yo nan “ Traduction du monde nouveau ” ann anglè a, e poukisa nou kapab di tradiksyon sa a se yon tradiksyon ki solid e moun ka fè l konfyans ? [si-F p. 312 § 28, 30]

9. Ki jan premye kretyen yo te montre yo te gen yon gwo anvi pou yo simaye Pawòl Bondye a ? [si-F p. 315 § 1-5]

10. Ki sa yon etid ki fèt sou maniskri e sou tèks Ekriti Sakre ki egziste toujou yo revele konsènan Bib la ? [si-F p. 320 § 32]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Lefètke Jewova pa t pèmèt David bati tanp lan, èske sa vle di Jewova pa t apwouve gè David te fè yo ? (1 Kwo. 22:6-10)

12. Nan priyè Salomon te fè lè inogirasyon tanp lan, ki jan li te montre li rekonèt Jewova enterese nonsèlman nan byennèt sèvitè l yo antanke gwoup, men tou li konnen sitiyasyon pèsonèl chak moun ki gen krentif pou li ? (2 Kwo. 6:29, 30)

13. “ Demon ki gen fòm bouk ” 2 Kwonik 11:15 mansyone yo, ki sa yo ye ?

14. Piske rèy Baacha te kòmanse “ nan twazyèm ane Aza ” e li te dire sèlman 24 an, ki jan pou nou konprann lefètke Baacha te monte “ kont Jida ” nan “ trannsizyèm ane rèy Aza ” ? (1 Wa 15:33 ; 2 Kwo. 16:1)

15. Ki jan 2 Kwonik 20:22, 23 montre avèk fòs sa ki prèske rive monn Satan an ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje