Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 janvye
Kantik 10
10 min : Anons lokal. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, oswa si gen lòt prezantasyon ki apwopriye, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! janvye a ak Toudegad 1ye fevriye a. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap preche nan yon tèritwa ki gen anpil biznis. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : “ Liv Sa Labib anseye a : prensipal liv pou nou fè etid biblik. ”a Chofe pwoklamatè yo pou yo kòmanse etid biblik nan nouvo liv la.
20 min : “ Fason nou ka kòmanse etid nan liv Sa Labib anseye a. ” Konvèsasyon avèk oditwa a. Fè demonstrasyon ki baze sou paj 3 Ministè Wayòm nan. Nou ka kòmanse sèvi ak liv Sa Labib anseye a tousuit pou nou fè etid avèk moun ki montre yo enterese. Byen prepare twa demonstrasyon, kote n ap montre kòman nou ka sèvi 1) ak paj 4-5 lan, 2) ak paj 6 la, e 3) ak premye paragraf ki nan paj 7 la pou nou ka tou kòmanse yon etid lè n ap fè yon vizit. Fè yon ti pale sou chak prezantasyon yo anvan yo fèt, epi pale sou yo lè yo fin fèt. Si sa nesesè, lè nou rive kote pou nou egzamine paragraf nan liv Sa Labib anseye a, nou ka rakousi prezantasyon an. Nan fen chak demonstrasyon, pwoklamatè a ap pran randevou pou yon pwochen vizit.
Kantik 125 ak priyè final.
Semèn 16 janvye
Kantik 178
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou yo gade dokimantè Soigner sans transfuser — Besoins et droits du patient an pou yo ka prepare yo pou patisipasyon k ap fèt de semèn apre nan reyinyon sèvis la.
15 min : Nou òganize pou nou fè volonte Jewova. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, paj 4-7. Apre w fin fè yon entwodiksyon ki baze sou paj 4 la k ap dire mwens pase twa minit, w ap dirije yon konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou paj 5 lan rive nan soutit ki nan paj 7 la. Y ap egzamine lòt pati nan liv Organisés a nan lòt reyinyon sèvis k ap gen pou fèt.
20 min : “ Jèn k ap klere tankou flanbo. ”b Mande jèn yo pou yo esplike ki jan yo te reyisi bay temwayaj nan lekòl yo. Nou ka prepare youn oswa de kòmantè alavans.
Kantik 107 ak priyè final.
Semèn 23 janvye
Kantik 60
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, oswa si gen lòt prezantasyon ki apwopriye, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! fevriye a. Mande yon jèn pou l fè youn nan demonstrasyon yo. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou poze kesyon e lè nou koute. ”c Lè w ap egzamine paragraf 2 a, mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo wè ki pèmèt yo kòmanse konvèsasyon fasilman. Fè yon demonstrasyon ki montre ki jan lè w poze moun yo kesyon avèk tak e lè w koute yo avèk atansyon, sa fè yo eksprime panse yo.
Kantik 205 ak priyè final.
Semèn 30 janvye
Kantik 197
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa janvye. Di ki piblikasyon n ap ofri an fevriye, e fè yon demonstrasyon sou fason pou nou prezante l.
15 min : Dispozisyon ki plen lanmou yo pran pou pwofi nou. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Li lèt 3 janvye 2006 filyal la voye pou tout kongregasyon yo konsènan fason pou nou tire pwofi nan aktivite Komite lyezon ospitalye yo (KLO) ak Gwoup pou vizite malad yo (GVM). Fè yon ti pale sou lèt sa a.
20 min : “ Yon dokimantè ki atire atansyon sou yon pwogrè enpòtan nan domèn medikal. ” Li Travay 15:28, 29, epi mansyone rapidman rezon prensipal ki fè kretyen yo refize transfizyon san se paske yo vle obeyi lwa Bondye bay sou san an, yon bagay ki sakre. Apre sa, antre dirèkteman nan konvèsasyon avèk oditwa a sou dokimantè Besoins et droits du patient an. Sèvi ak kesyon yo bay nan atik la. Pou w fini, li dènye paragraf la.
Kantik 45 ak priyè final.
Semèn 6 fevriye
Kantik 74
10 min : Anons lokal.
25 min : Aprann konnen nouvo zouti nou genyen pou nou anseye a. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou kèk aspè yo apresye nan liv Sa Labib anseye a, tankou kesyon ki nan entwodiksyon chapit yo ansanm ak kare revizyon ki souliye pwen prensipal ki nan chapit yo (paj 106, 114), imaj ak enstriksyon ki bò kote yo (paj 122-3, 147, 198) ansanm ak apendis la (paj 197, § 1, 2). Liv la ekri nan yon stil ki amikal e ki atiran (paj 12, § 12). Li bay esplikasyon ki senp e ki klè (paj 58, § 5), e li sèvi ak egzanp ki klè (paj 159, § 12). Prefas liv la fèt pou ede nou kòmanse etid biblik (paj 3-7). Fè yon demonstrasyon pou montre fason nou ka sèvi ak kare ki nan paj 7 la avèk yon nouvo etidyan. Rakonte kèk eksperyans enteresan nou fè pandan nou t ap sèvi ak nouvo liv la.
10 min : Sèvis pyonye oksilyè pote benediksyon (Pwo. 10:22). Mande moun ki te pran sèvis pyonye oksilyè nan epòk Memoryal ane pase a pou yo di ki aranjman yo te fè e ki jwa ak benediksyon yo te jwenn. Ankouraje tout moun pou yo egzamine nan lapriyè si yo kapab pyonye oksilyè pandan mwa mas, avril ak me.
Kantik 16 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.