BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/06 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 2/06 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an fevriye : Approchez-vous de Jéhovah. Si nou pa genyen l, nou ka ofri La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? oubyen La Révélation : le grand dénouement est proche ! Mas : Ki sa Labib anseye toutbonvre ? Nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik. Si moun n ap pale avè l la deja gen liv sa a, nou ka prezante l Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! Avril : Toudegad ak Réveillez-vous ! Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, fè yon efò espesyal pou nou kòmanse yon etid biblik avèk yo nan liv Sa Labib anseye a.

◼ Piske mwa avril la gen senk wikenn okonplè, se pral yon bon mwa pou nou pran sèvis pyonye oksilyè.

◼ Men tit diskou espesyal pou epòk Memoryal ane 2006 la : “ Èske se Bondye ki Souvren an toujou ? ” Gade anons yo te deja bay sou sa nan Ministè Wayòm septanm 2005 lan.

◼ Nan reyinyon sèvis semèn 3 avril la, nou pral egzamine atik ki gen tit “ Pran plezi pou nou etidye liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ” ki nan paj 6 la. Silvouplè, konsève atik sa a ki tou gen pwogram etid la anba l.

◼ Siveyan prezidan an oubyen yon lòt moun li chwazi ta dwe verifye kont kongregasyon an 1ye mas oswa kou sa posib apre dat sa a. Si yo gen yon lòt kont apa, tankou kont pou antretyen oubyen pou konstriksyon, ta dwe gen dispozisyon ki pran pou yo verifye kont sa a tou. Lè verifikasyon an fin fèt, y ap fè kongregasyon an konn sa pwochèn fwa y ap li rapò sèvis kont kongregasyon an.

◼ Sekretè a ak siveyan sèvis la dwe egzamine aktivite tout pyonye pèmanan yo. Si gen nan yo ki gen difikilte pou atenn objektif yo, ansyen yo ap pran dispozisyon pou ba yo èd. N ap jwenn sijesyon nan lèt S-201 nou resevwa chak ane a.

◼ Nou enfòme kongregasyon yo filyal la gen de nouvo nimewo telefòn ki fonksyone : 513-3912 ak 510-5163.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje