Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
Nan semèn 27 fevriye 2006, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo aloral nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine yo, soti nan semèn 2 janvye pou rive nan semèn 27 fevriye 2006. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-7.]
TEKNIK POU MOUN BYEN PALE
1. Ki fason Lekòl ministè teyokratik la ede nou pou nou “ ofri Bondye yon sakrifis louwanj ” e pou nou ‘ fè deklarasyon piblik pou non li ’ ? (Ebre 13:15) [be p. 5 § 3–p. 6 § 1]
2. Poukisa nou dwe fè gwo efò pou nou rive li kòrèkteman ? [be p. 83 § 1-5]
3. Poukisa li enpòtan anpil pou nou pale klè lè n ap pale ak lè n ap anseye ? [be p. 86 § 1-6]
4. Poukisa li enpòtan pou nou byen pwononse pawòl nou yo, e ki aspè n ap bezwen pran an konsiderasyon ? [be p. 89 § 1–p. 90 § 3, kare]
5. Site kèk sijesyon ki kapab ede nou pale avèk plis fasilite. [be p. 94 § 4-5, kare]
EKSPOZE No 1
6. Ki jan 2 Kwonik 36:17-23 sètifye pwofesi ki nan Bib la diy de konfyans ? [si-F p. 85 § 35]
7. Site plizyè evènman ki te rive youn apre lòt ki te vin pèmèt Juif yo retounen nan peyi yo an 537 anvan epòk nou an pou yo te rekonstwi mezon Jewova a. [si-F p. 85 § 1–p. 86 § 3]
8. Ki jan liv Ezra a defann Jewova antanke vrè Dye e ki jan li ankouraje moun mete konfyans nan Li ? [si-F p. 87 § 14 ; p. 88 § 18]
9. Poukisa “ ventyèm ane wa Atakzèksès ” la enpòtan nan kwonoloji Bib la ? (Ney. 2:1, 5, 6, 11, 17, 18) [si-F p. 88 § 2 ; p. 89 § 5]
10. Ki bèl egzanp Neyemya kite pou sèvitè Bondye yo jodi a ? [si-F p. 91 § 16-17]
LEKTI LABIB CHAK SEMÈN
11. Èske Ourim ak Toumim yo te konn itilize lè yo te bezwen jwenn yon repons nan men Jewova te toujou egziste pou moun ki te sot ann egzil yo ? (Ezra 2:61-63)
12. Poukisa anpil Juif ki t ap viv Babilòn pa t dispoze monte Jerizalèm avèk Ezra ? (Ezra 7:28–8:20)
13. Ki jan mesye ki t ap fè travay rekonstriksyon miray la te fè travay ak yon sèl men ? (Ney. 4:17, 18)
14. Piske lèt konfidansyèl yo, jeneralman, yo te konn fèmen yo nan yon anvlòp, poukisa Sànbalat te voye “ yon lèt tou louvri ” bay Neyemya ? (Ney. 6:5)
15. Nonsèlman Neyemya te “ repwoche ” Juif ki te retonbe nan peche yo, menm jan li te fè pou prens yo ak nòb yo, ki dispozisyon li te pran anplis pou l korije yo ? (Ney. 13:25, 28)