BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 8 me
  • Semèn 15 me
  • Semèn 22 me
  • Semèn 29 me
  • Semèn 5 jen
Ministè Wayòm nan — 2006
km 5/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 8 me

Kantik 2

10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! me a ak Toudegad 1ye jen an. Nan youn nan demonstrasyon yo, pwoklamatè a ap vizite yon moun li gen wout peryodik avè l, men ki potko resevwa Toudegad 1ye me a. Pwoklamatè a ap ba li Toudegad 1ye me a ak Toudegad 1ye jen an ansanm ak Réveillez-vous ! me a. Lè l ap ofri twa peryodik yo, l ap fè prezantasyon pou yon sèl. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Pwoklamatè yo kapab vizite moun yo gen wout peryodik avèk yo yon fwa oswa de fwa pa mwa.

20 min : “ Suiv mwen nètale. ”a Fè yon entèvyou tou kout ak yon pwoklamatè egzanplè k ap fè efò pou l kenbe lavi l senp e ki limite objektif pèsonèl li dekwa pou l fè plis pou avansman enterè Wayòm nan e pou l sèvi lòt moun. Mansyone benediksyon li jwenn lefètke li fè sa.

15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Mande moun nan oditwa a pou yo pale sou benediksyon yo te resevwa lefètke yo te fè gwo efò nan ministè a diran mwa mas ak avril. Mansyone rezilta yo jwenn, tankou etid biblik ki kòmanse ak moun yo te ede vin asiste Memoryal pou premye fwa. Fè demonstrasyon sou youn oswa de bèl eksperyans pou montre jan sa te pase.

Kantik 91 ak priyè final.

Semèn 15 me

Kantik 9

10 min : Anons lokal. Ankouraje tout moun pou yo gade kasèt videyo oswa DVD Noé : Il marchait avec Dieu a pou yo prepare yo pou reyinyon sèvis semèn 29 me a.

10 min : Annou travay ansanm nan linite anba direksyon Kris. Yon diskou ki baze sou pwen ki nan soutit : “ Que signifie reconnaître son rôle ? ” ki nan paj 13-15 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

25 min : “ Konstriksyon Sal Wayòm : yon aspè enpòtan nan sèvis sakre a. ”b Lè n ap fè paragraf 2 a, montre yon fòmilè Demande d’admission au programme des volontaires pour la construction de Salles du Royaume (A-25-F), epi esplike ki jan yon moun ka jwenn yon fòmilè. Fè entèvyou ak kèk moun ki te patisipe nan konstriksyon oswa renovasyon Sal Wayòm.

Kantik 133 ak priyè final.

Semèn 22 me

Kantik 86

12 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye jen ak Réveillez-vous ! jen an. Kòm kad pou demonstrasyon an, montre yon fanmi k ap fè yon seyans repetisyon. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou aji avèk byenveyans. ”c Lè n ap egzamine paragraf 4 la, fè yon ti pale tou kout sou kare “ Ki sa w ap di si se yon repondè ? ” ki nan paj 2 Ministè Wayòm novanm 2000 la.

18 min : Aparans ki kòrèk. Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv École du ministère la, paj 131-3. Egzamine senk prensip yo bay ki gen rapò ak teni nou ak kwafi nou. Mansyone nou kapab itilize pwen sa yo avèk tak pou nou ede etidyan yo konprann ki jan yo ka abiye kòrèkteman lè y ap vin nan reyinyon.

Kantik 215 ak priyè final.

Semèn 29 me

Kantik 42

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa me.

10 min : N ap prezante liv Anseyan an an jen. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 3-4 Ministè Wayòm mwa janvye 2005 lan, oswa nenpòt lòt prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason nou ka prezante liv Koute gran Anseyan an. Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo pale sou bon rezilta yo jwenn depi lè y ap sèvi ak liv la nan ministè yo oswa ak pwòp fanmi yo.

25 min : “ Yon egzanp pou moun tout laj. ” Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an, epi antre dirèk nan yon konvèsasyon avèk oditwa a sou kesyon yo bay pou fim Noé a. Sèvi ak tout kesyon ki nan paragraf 2 a. Annapre, mande fanmi yo pou yo di ki pwofi yo te tire lè yo te fè “ Aktivite edikatif ” ki sou DVD a. Apre sa, pale sou kesyon ak vèsè ki nan twazyèm paragraf la.

Kantik 9 ak priyè final.

Semèn 5 jen

Kantik 176

10 min : Anons lokal.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Fason pou nou jwenn bon rezilta lè n ap fè vizit. Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou kare ki nan paj 14 Toudegad 1ye desanm 2003 a. Egzamine toule sèt sijesyon yo bay yo, epi mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason yo ka aplike sijesyon sa yo nan tèritwa kongregasyon an. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo fè vizit avèk objektif pou yo kòmanse yon etid biblik avèk tout moun ki aksepte piblikasyon nou yo oswa ki manifeste enterè. Sèvi ak youn nan sijesyon ki nan paj 6 Ministè Wayòm janvye 2006 la pou w montre fason pou nou ofri yon etid pandan n ap fè yon vizit.

Kantik 57 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje