Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 jiyè
Kantik 4
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jiyè ak Réveillez-vous ! jiyè. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Nou deja kretyen. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 19.
15 min : Fason kongregasyon an òganize e fason yo dirije l. Diskou avèk patisipasyon oditwa a, ki baze sou chapit 4 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.
20 min : “ Annou devlope apresyasyon pou kalite Jewova yo ki san parèy. ”a Fè yon demonstrasyon pou montre fason nou ka itilize kesyon pou nou ede yon etidyan Labib reflechi sou pwen ki nan kare revizyon ki nan fen chapit 1 nan liv Sa Labib anseye a.
Kantik 88 ak priyè final.
Semèn 17 jiyè
Kantik 99
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè yon egzamen tou kout sou atik ki nan paj 32 La Tour de Garde 15 out 2000 la. Souliye byenfè nou jwenn lè nou toujou gen yon pwogram pou nou li Labib chak jou e nou kenbe pwogram sa a, menm pandan nou nan peryòd vakans ak nan lòt moman kote nou chanje aktivite.
15 min : Lanmou ak imilite : kalite ki endispansab nan ministè a. Diskou. Li baze sou Toudegad 1ye septanm 2002, paj 11-13, paragraf 13-20.
20 min : “ Annou imite Jewova, ‘ Bondye nou an ki gen kè kontan ’. ”b Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou sa ki pèmèt yo kenbe jwa yo ak yon atitid pozitif lè y ap preche nan tèritwa a.
Kantik 189 ak priyè final.
Semèn 24 jiyè
Kantik 218
15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la oswa ak lòt prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa w la pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou ofri Toudegad 1ye out ak Réveillez-vous ! out la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Apre chak demonstrasyon, reprann premye fraz pwoklamatè a te di ki te eveye enterè moun li t ap pale avè l la.
10 min : “ Yo bay yon egzanp fidelite. ” Nan diskou sa a, nou kapab itilize eksperyans kèk pyonye espesyal te fè yo rapòte nan piblikasyon nou yo oswa nou kapab entèvyouwe nenpòt pyonye espesyal k ap sèvi nan kongregasyon an. — Gade nan Index des publications de la Société Watch Tower nan ribrik “ Pionnier spécial ”.
20 min : Se pou nou fèm, san nou pa brannen (1 Kor. 15:58). Entèvyouwe de oswa twa pyonye ki te sèvi fidèlman pandan plizyè ane. Ki jan yo te aprann laverite ? Ki jan travay predikasyon an te ye lè yo te kòmanse preche ? Ki difikilte yo te rankontre ? Ki benediksyon yo te jwenn lefètke yo te rete fèm nan vrè adorasyon an ?
Kantik 12 ak priyè final.
Semèn 31 jiyè
Kantik 28
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rapò yo pou mwa jiyè a. Di ki piblikasyon n ap ofri nan mwa out.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Kiltive bonjan abitid, epi rekòlte anpil benediksyon. ”c Mande moun nan oditwa a pou yo di ki efò yo te fè pou yo etabli yon bonjan abitid non domèn espirityèl e pou yo kenbe l, e ki benediksyon yo jwenn kòm rezilta.
Kantik 130 ak priyè final.
Semèn 7 out
Kantik 209
10 min : Anons lokal. Fè yon ti pale tou kout sou fason nou kapab adapte prezantasyon yo bay kòm modèl nan Ministè Wayòm nan selon tèritwa kongregasyon an. — Gade nan Ministè Wayòm janvye 2005, paj 8.
15 min : Reyinyon ki pouse nou gen lanmou e ki pouse nou fè bèl aksyon. Diskou. Li baze sou La Tour de Garde 15 mas 2002, paj 24-25 (fransè). Fè yon entèvyou tou kout ak yon pwoklamatè ki asiste reyinyon regilyèman, mete aksan sou efò li fè pou sa e sou benediksyon li jwenn lefètke li fè sa.
20 min : Annou vin minis ki fleksib e ki adapte nou ak nouvo sitiyasyon. Diskou avèk patisipasyon oditwa a ki baze sou Toudegad 1ye desanm 2005, paj 28-30. Diskou sa a ap baze sou paragraf 6-11. Mete aksan sou fason Pòl te atantif, li te fleksib, e li te fè tèt li travay lè l ap preche e l ap anseye. Apre sa, mande moun nan oditwa a fè kòmantè sou kesyon yo poze pou paragraf 12-14 yo, epi fè yon aplikasyon lokal. Fè yon demonstrasyon ki montre fason pwoklamatè yo ta kapab adapte prezantasyon y ap fè nan ministè a, toutpandan y ap teni kont de bezwen moun ki nan tèritwa a, sitiyasyon yo ak kilti yo.
Kantik 83 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.