Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 14 out
Kantik 163
15 min : Anons lokal. Egzamine atik ki gen tit “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an ”. Anonse dat pwochen jounen asanble espesyal la si nou konnen l. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! out la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Temwen Jewova pa enterese m ”. — Gade nan Liv Comment raisonner a, paj 17-18, nan ribrik “ Je ne m’intéresse pas aux Témoins de Jéhovah ”.
15 min : “ Nan mwa septanm nan, n ap ofri yon nimewo Réveillez-vous ! espesyal. ”a Lè n ap egzamine paragraf 4 la, fè yon demonstrasyon tou kout, kote yon jèn ap ofri yon pwofesè Réveillez-vous ! septanm nan.
15 min : Jis nan ki pwen nou ka zanmi ak kamarad lekòl nou ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou Réveillez-vous ! avril 2006 la, paj 17-19. Mande moun ki nan oditwa a, ki te leve nan yon fanmi kretyen, pou yo esplike ki jan paran yo te prepare yo pou yo fè fas ak pwoblèm e pou yo aplike prensip biblik yo nan lekòl yo. Nou ka fè aranjman alavans pou youn oswa de kòmantè.
Kantik 164 ak priyè final.
Semèn 21 out
Kantik 62
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Egzamine atik ki gen tit “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an ” epi anonse dat pwochen asanble sikonskripsyon an si nou konnen l.
15 min : Tire pwofi nan etid Toudegad la ak nan diskou piblik la. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan paj 59 pou rive nan soutit ki nan paj 64 la.
20 min : Planifye depi kounye a pou nou pran sèvis pyonye oksilyè ! Diskou ak patisipasyon oditwa a. Ankouraje frè ak sè yo pou yo fikse objektif pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pou omwen yon mwa pandan nouvo ane sèvis la (1 Kor. 9:26). Gen moun ki ka chwazi yon mwa ki gen aktivite espesyal oswa yon mwa ki gen jou ferye oswa ki gen wikenn anplis. Mande moun ki nan oditwa a : “ Ki obstak ou te rive venk pou w te ka pran sèvis pyonye oksilyè ? Ki byenfè ou te jwenn lefètke ou te pran sèvis pyonye oksilyè ? Si w anvi pran sèvis pyonye, men ou pa sèten w ap kapab, sa w panse si w priye sou sa (Tra. 4:29 ; 2 Kor. 4:7 ; Jak 1:5) ? Poukisa li ta bon tou pou w pale de sa ak fanmi w epi ak lòt moun nan kongregasyon an, espesyalman moun ki nan menm sitiyasyon avè w (Pwo. 15:22) ? Ki lè w planifye pou w pran sèvis pyonye oksilyè ?
Kantik 216 ak priyè final.
Semèn 28 out
Kantik 17
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out la. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la oswa nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye septanm oswa Réveillez-vous ! septanm lan, pandan n ap vizite yon moun nou gen yon wout peryodik avè l. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Nou kapab yon sous ankourajman (Wom. 1:11, 12). Diskou ak patisipasyon oditwa a. Mansyone kantite pyonye pèmanan ki genyen nan kongregasyon an. Souliye fason nou kapab ankouraje yo, pa egzanp, lè nou felisite yo, lè nou pale de sèvis pyonye yon fason pozitif, lè nou travay ak yo nan ministè a, lè nou envite yo manje lakay nou, e lè nou ede yo nan depans y ap fè pou transpò. Mande kèk pyonye pèmanan fè kòmantè sou fason lòt moun te ankouraje yo. Si pa gen pyonye pèmanan nan kongregasyon an, pale sou fason nou kapab ankouraje moun ki pran sèvis pyonye oksilyè yo.
20 min : Èske w ka kòmanse yon etid biblik nan mwa septanm nan ? Diskou ak demonstrasyon. Pandan mwa septanm nan, nou pral fè yon efò espesyal pou nou kòmanse etid biblik nan liv Sa Labib anseye a, depi premye fwa nou rankontre yon moun. Sa vle di, menm kote nou bay moun nan liv la, n ap fè tout sa nou kapab pou nou egzamine kèk paragraf avè l. Sèvi ak sijè ki apwopriye pou tèritwa nou an pou nou fè de demonstrasyon. Nan chak demonstrasyon, montre ki jan nou ka pran randevou presi pou nou retounen e pou nou kontinye konvèsasyon an.
Kantik 37 ak priyè final.
Semèn 4 septanm
Kantik 90
10 min : Anons lokal.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou preche san patipri. ”b Lè n ap egzamine Women 1:14 ki site nan fen paragraf 2 a, mansyone kòmantè tou kout ki nan liv Étude perspicace la, volim 1, paj 270, premye paragraf nan ribrik “ Barbare ”. Lè nou fin egzamine paragraf 3 a, revize twa etap ki mansyone nan paj 2 bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an, epi montre ki jan nou ka sèvi ak bwochi sa a lè nou rankontre moun nan tèritwa kongregasyon an ki pale yon lòt lang.
Kantik 225 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.