BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/06 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Sou menm sijè a
  • Yon lekòl ki ekipe nou pou aktivite ki pi enpòtan nan lavi a
    Ministè Wayòm nan — 2002
  • Siveyan k ap dirije nou yo : Siveyan Lekòl ministè teyokratik
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Jewova ban nou fòmasyon pou nou fè travay la
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Pwofi nou tire grasa Lekòl ministè teyokratik
    Ministè Wayòm nan — 2004
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2006
km 9/06 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Èske li bon pou nou rasanble enfòmasyon yo pral prezante nan Lekòl ministè teyokratik la epi pou nou distribye yo bay lòt moun ?

Pa gen pwoblèm pou nou fè sa pou itilizasyon pèsonèl nou, pou manm fanmi nou, oswa pou kèk zanmi pwòch nou. Sepandan, nou pa ta dwe rann sijè sa yo disponib pou tout moun, ni nonplis nou pa ta dwe vann yo, paske se t ap yon vyolasyon dwa otè. — Wom. 13:1.

Pou kèk asiyasyon nan Lekòl ministè teyokratik la, se sèlman yon tèm yo bay, e yo pa bay okenn referans kòm baz pou devlopman sijè a. Èske li t ap bon pou yon moun prepare yon lis referans piblikasyon moun ki resevwa asiyasyon sa yo ka itilize ? Non. Li pa t ap bon nonplis pou nou konpile repons pou kesyon revizyon pou Lekòl ministè teyokratik la, pou lòt moun itilize, paske sa pa t ap ede yo kenbe pwen ki enpòtan yo nan lespri yo. Elèv yo dwe fè pwòp rechèch pa yo. Se youn nan aspè enpòtan nan fòmasyon Jewova bay pa mwayen lekòl la pou l ede nou pale avèk “ lang moun ki resevwa ansèyman ”. — Iza. 50:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje