Jewova ban nou fòmasyon pou nou fè travay la
1. Ki sa Jewova toujou fè lè l bay moun yon asiyasyon?
1 Lè Jewova bay moun yon asiyasyon, li toujou ba yo èd yo bezwen pou yo fè travay la. Pa egzanp, lè Jewova te di Noye pou l konstwi yon lach, yon bagay Noye potko janm fè anvan sa, li te di Noye kòman pou l fè sa tou (Jen. 6:14-16). Lè Jewova te bay Moyiz, yon bèje ki te enb, misyon pou l al kot ansyen ki nan pèp Izrayèl yo ansanm ak Farawon, men ki asirans Jewova te ba li: “M ap avèk bouch ou e m ap fè w konn sa pou w di.” (Egz. 4:12). Jewova pa annik lage nou poukont nou pou nou akonpli misyon li konfye nou pou nou preche bon nouvèl la. Li sèvi ak Lekòl ministè teyokratik la ak reyinyon sèvis la pou l ban nou fòmasyon pou nou fè travay li a. Ki jan nou ka tire pwofi nan fòmasyon sa a?
2. Ki sa nou ka fè pou nou tire pwofi nan Lekòl ministè teyokratik la?
2 Lekòl ministè teyokratik: Anvan nou vin nan chak reyinyon, prepare sijè yo pral egzamine yo. Konsa lè nou wè jan elèv yo ap sèvi ak enfòmasyon sa yo nan patisipasyon yo genyen, n ap vin pi byen konprann fason pou n anseye (Pwo. 27:17). Vini ak liv École du ministère la nan reyinyon an epi sèvi avè l kòm yon liv egzèsis. Lè siveyan lekòl la fè referans ak liv la apre chak diskou elèv yo fin fè, souliye pwen kle nou ta renmen aplike yo, epi sèvi ak maj yo pou nou pran nòt. Sepandan, pi bon fason nou ka tire pwofi nan lekòl sa a, se lè nou patisipe ladan l. Èske w deja enskri nan lekòl la? Lè w resevwa yon asiyasyon byen prepare l, ansuit aplike konsèy ou resevwa yo. Lè w ap patisipe nan ministè a, sèvi ak sa w te aprann nan.
3. Ki sa k ap ede nou tire pwofi nan reyinyon sèvis la?
3 Reyinyon sèvis: N ap pi byen sonje konsèy nou resevwa pandan reyinyon sa a, lè nou li sijè yo pral egzamine yo alavans e lè nou prepare pou nou fè kòmantè. Si nou fè kòmantè ki kout, plis moun ap gen okazyon patisipe. Byen suiv demonstrasyon yo, e sèvi ak tout sijesyon nou panse ki ka fè nou vin pi efikas nan ministè a. Konsève atik enpòtan ki nan Ministè Wayòm nan pou nou ka egzamine yo pi devan.
4. Poukisa nou bezwen byen sèvi ak fòmasyon Jewova ap ban nou an?
4 Menm jan ak Noye ak Moyiz, asiyasyon nou genyen pou nou preche bon nouvèl la sou tout tè a se pa yon asiyasyon ki fasil (Mat. 24:14). Nou kapab jwenn bon rezilta si nou konte sou Jewova, Gran pwofesè nou an, e si nou byen sèvi ak fòmasyon l ap ban nou an. — Iza. 30:20.