BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/06 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 9/06 p. 7

Anons

◼ Piblikasyon n ap ofri an septanm : Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? Oubyen nou ka ofri liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? Oktòb : Toudegad ak Réveillez-vous ! Si moun n al vizite yo enterese, ofri yo bwochi Kontinye veye ! a. Novanm : Ofri liv Koute gran Anseyan an ansanm ak feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? an. Desanm : Le plus grand homme de tous les temps. Si pa genyen l, ofri La Bible : Parole de Dieu ou des hommes ? ; Liv istwa biblik mwen an ; oswa liv Konesans lan, si kongregasyon an genyen l.

◼ Kongregasyon yo ta dwe kòmanse kòmande volim relye La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou 2006 ak tout CD-ROM Watchtower Library — 2006 nan pwochen demann piblikasyon y ap fè. N ap jwenn lis lang piblikasyon sa yo disponib nan lèt “ Anons pou tout kongregasyon yo ” yo voye chak mwa a. Se pou nou sonje, CD-ROM Watchtower Library — 2006 la se yon dispozisyon pou moun ki batize nan kongregasyon an, e yon moun ka jwenn li sèlman pa mwayen kongregasyon an.

◼ Ansyen yo ap sonje pou yo suiv enstriksyon nou jwenn nan La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 21-3, konsènan nenpòt moun yo te eskominye oswa ki te fè retrè volontè e ki montre li ta renmen reyentegre.

◼ Nan paj 3-6 Ministè Wayòm septanm 2006 nan, gen yon lis ajisteman nou chak nou ta dwe fè nan liv Révélation pa nou an.

◼ Pou komite sèvis yo : Lè yon pyonye pèmanan kite sèvis la pou kèlkeswa rezon an, se pou sekretè a ranpli pati ki make “ Interruption ” nan lèt nominasyon pyonye pèmanan an, komite sèvis la ap siyen l, apre sa sekretè a ap voye l bay filyal la san pèdi tan.

◼ Rapèl : Kongregasyon ki poko voye rapò analiz S-10-F la, yo mande yo tanpri pou yo voye rapò sa a SAN PÈDI TAN.

◼ Lekòl fòmasyon ministeryèl : Ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè e ki gen ant 23 e 50 an, ki ta renmen asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl, mèt ranpli yon fòmilè san pèdi tan yon fason pou filyal la ka jwenn li tousuit. Si nou gen plis pase ennan depi nou te ranpli fòmilè a, li ta bon pou nou ranpli yon lòt epi voye l bay filyal la.

◼ L’Association chrétienne “ Les Témoins de Jéhovah d’Haïti ” ap fè asanble jeneral pou ane a dimanch 29 oktòb 2006 nan Sal asanble Temwen Jewova yo ki nan Santo 20.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje