BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 9 oktòb
  • Semèn 16 oktòb
  • Semèn 23 oktòb
  • Semèn 30 oktòb
  • Semèn 6 novanm
Ministè Wayòm nan — 2006
km 10/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 9 oktòb

Kantik 25

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 oktòb ak Réveillez-vous ! oktòb ansanm ak Nouvèl Wayòm no 37 la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Ede lòt moun vin zanmi Bondye. ”a Mande moun nan oditwa a pou yo di ki jan egzanp lòt moun ak priyè sensè te ede yo pwogrese jiskaske yo rive batize.

20 min : Prepare nou pou nou distribye Nouvèl Wayòm no 37 la. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Fè revizyon sou aranjman pou kanpay la jan nou te egzamine sa nan Ministè Wayòm septanm nan. Ankouraje tout moun pou yo patisipe avèk zèl nan kanpay la. Ankouraje moun k ap kondui etid biblik k ap pwogrese pou yo egzamine si etidyan yo genyen yo kalifye pou yo patisipe nan kanpay sa a antanke pwoklamatè ki poko batize. Paran yo kapab egzamine si pitit yo kalifye tou. Fè yon ti pale tou kout sou kondisyon pou yon moun vin pwoklamatè nou jwenn nan liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a nan paj 79-81.

Kantik 221 ak priyè final.

Semèn 16 oktòb

Kantik 84

10 min : Anons lokal.

20 min : Tire pwofi nan etid liv kongregasyon an. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan soutit ki nan paj 69 la rive nan soutit ki nan paj 72 la.

15 min : “ Ki sa w bay priyorite ? ”b Chwazi kèk pwoklamatè alavans pou yo di fason yo te ajiste pwogram yo, yon fason pou yo ka bay enterè Wayòm nan premye plas nan lavi yo e pou yo di benediksyon yo jwenn lefètke yo te fè sa.

Kantik 172 ak priyè final.

Semèn 23 oktòb

Kantik 58

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye novanm ak Réveillez-vous ! novanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre ki jan nou ka reponn objeksyon sa a : “ Poukisa nou pase lakay moun souvan konsa ? ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 20.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Tire pwofi omaksimòm nan reyinyon predikasyon yo. ”c Lè n ap egzamine paragraf 3 a, mansyone kòmantè ki nan Ministè Wayòm septanm 2001, nan ribrik : Repons kesyon w yo, paragraf 4, konsènan sa k ta dwe fèt lè pa gen frè kalifye ki prezan pou dirije reyinyon an.

Kantik 143 ak priyè final.

Semèn 30 oktòb

Kantik 207

10 min : Anons lokal. Fè tout pwoklamatè sonje remèt rapò sèvis yo e fè yo sonje mansyone nan do rapò a kantite Nouvèl Wayòm no 37 yo te bay.

15 min : Ki jan mwen kapab preche kamarad klas mwen ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou Réveillez-vous ! 22 mas 2002, paj 10-12. Mande moun nan oditwa a pou yo mansyone kèk eksperyans ankourajan yo te fè lè yo t ap preche kamarad klas yo.

20 min : Eksperyans ki fèt nan distribisyon Nouvèl Wayòm no 37 la. Mande pwoklamatè yo pou yo di ki rezilta ankourajan yo te jwenn lè yo t ap distribye Nouvèl Wayòm no 37 la. Di ki valè tèritwa nou rive kouvri jiska prezan epi mansyone ki sa n ap bezwen fè pou nou gentan kouvri rès tèritwa a lè dat 12 novanm nan rive. Fè yon demonstrasyon kote n ap fè yon nouvèl vizit ak liv Sa labib anseye a. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo remèt rès Nouvèl Wayòm yo pap kapab fin distribye anvan fen kanpay la, yon fason pou lòt pwoklamatè ka sèvi ak yo.

Kantik 136 ak priyè final.

Semèn 6 novanm

Kantik 146

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 3-4 nan Ministè Wayòm janvye 2005 lan, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou demontre fason pou nou ofri liv Koute gran Anseyan an, pandan dezyèm mwatye mwa novanm nan. Si gen tan pou sa, mande moun ki nan oditwa a pou yo di ki bon rezilta yo te jwenn dèske yo te sèvi ak liv sa a nan predikasyon oswa ak pwòp fanmi yo.

15 min : Ogmante jwa ak diyite jou maryaj ou. Diskou pou yon ansyen fè. Li baze sou La Tour de Garde 15 oktòb 2006, paj 28-31.

20 min : Lè nou preche Pawòl la, sa fòtifye nou. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 janvye 2002, paj 8-9. Mande moun nan oditwa a pou yo di ki jan ministè a fòtifye yo. Nou ka fè aranjman alavans pou youn oswa de moun fè kòmantè sou sa.

Kantik 8 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje