BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/06 p. 1
  • N ap etidye liv Adore sèl vrè Dye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • N ap etidye liv Adore sèl vrè Dye a
  • Ministè Wayòm nan — 2006
Ministè Wayòm nan — 2006
km 11/06 p. 1

N ap etidye liv Adore sèl vrè Dye a

Yo fè liv Adore sèl vrè Dye a pou yo etidye ak moun ki fin etidye liv Sa Labib anseye a. Piske nou pral etidye liv sa a nan etid liv kongregasyon an, sa ap pèmèt nou byen sèvi avè l nan predikasyon. Etid sa a ap fè nou gen plis lanmou ak rekonesans ni pou Jewova, ni pou òganizasyon l lan. Ki jan nou kapab tire bonjan pwofi nan etid nou pral fè nan liv Adore a ?

Fason pou yo kondui etid la : Piske se mwatye yon chapit n ap fè chak semèn, siveyan etid liv yo bezwen byen divize tan an. Yo pa bezwen mize nan premye paragraf yo, konsa y ap ka konsakre plis tan lè yo rive nan pwen ki pi enpòtan pi devan nan chapit yo, jan sa ye jeneralman nan chak chapit. Y ap sèvi ak kare ki nan fen chapit yo pou yo fè yon ti revizyon tou kout e sa ap ede asistans lan sonje pwen kle yo.

Nan liv Adore a, gen anviwon mwatye nan chapit yo ki gen kesyon ki sèvi pou meditasyon ak pou konvèsasyon. N ap jwenn yon egzanp nan paj 48 la. Yo pa bezwen li kesyon sa yo lè y ap li paragraf yo. Lè yo rive ladan yo, siveyan an ka fè li vèsè yo bay an referans yo e li ka fè yo fè kòmantè sou yo si kantite tan ki rete a pèmèt sa.

Fè bonjan preparasyon : Pou yon moun fè yon bon preparasyon, sa pa mande pou l souliye repons yo sèlman. Nou bezwen byen medite sou vèsè yo site yo e sa ap ede nou non sèlman pou nou prepare kòmantè, men pou nou fè yon bagay ki pi enpòtan toujou : pou nou prepare kè nou (Ezra 7:10). Nou tout ka ankouraje youn lòt si nou fè kòmantè san pou otan nou pa chèche domine etid la. — Wom. 1:11, 12.

Etid nou pral fè nan liv Adore a pral ede nou gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova. L ap fòme nou pou nou ede moun ki gen bon kè yo vin adore Jewova avèk nou (Sòm 95:6 ; Jak 4:8). Nou swete pou nou tout tire bonjan pwofi nan bèl aranjman espirityèl sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje