BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 13 novanm
  • Semèn 20 novanm
  • Semèn 27 novanm
  • Semèn 4 desanm
Ministè Wayòm nan — 2006
km 11/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 novanm

Kantik 152 (65-CR)

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 novanm ak Réveillez-vous ! novanm. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen konnen travay n ap fè a trè byen. ” — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 20.

20 min : Minis bon nouvèl la. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan paj 77 pou rive nan soutit ki nan paj 83 a.

15 min : “ Yo gen kran, men yo pasifik. ”a Pran kèk lòt ide nan liv École du ministère la, nan paj 252-3, nan soutit ann italik “ Quand se montrer conciliant ” an.

Kantik 39 (92-CR) ak priyè final.

Semèn 20 novanm

Kantik 132 (54-CR)

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : N ap ofri liv Le plus grand homme nan an desanm. Konvèsasyon avèk oditwa a. Mande moun ki nan oditwa a pou yo di sa yo apresye nan liv Le plus grand homme nan epi mande yo pou yo pale de kèk eksperyans yo te fè pandan yo t ap ofri liv la. Fè yon ti pale sou prezantasyon yo bay kòm modèl nou jwenn nan Ministè Wayòm janvye 2005 lan. Sèvi ak youn nan prezantasyon yo bay kòm modèl yo pou nou fè yon demonstrasyon sou fason nou kapab ofri liv la, oswa sèvi ak yon lòt prezantasyon k ap efikas pou tèritwa kongregasyon an.

Kantik 203 (34-CR) ak priyè final.

Semèn 27 novanm

Kantik 111 (30-CR)

5 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo.

10 min : N ap bati nan linite pou nou bay Bondye glwa. Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 1ye novanm 2006 la, paj 17-21.

15 min : “ Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo. ”b Mande de pwoklamatè, petèt yon koup marye, pou yo fè yon demonstrasyon k ap dire twa minit. Nan demonstrasyon an, y ap chwazi youn nan sijesyon yo bay nan paj 8 la pou nou prezante peryodik mwa desanm yo, y ap deside sou fason y ap itilize l, epi y ap mete l nan pwòp mo pa yo. Apre sa, y ap sèvi ak sijesyon ki nan atik oratè a sot egzamine a, y ap prepare fason yo ta ka prezante yon lòt atik yo twouve ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, epi y ap fè yon demonstrasyon.

15 min : “ Ki pwennvi mwen genyen sou kesyon fraksyon san ak sou kesyon tretman medikal kote pwòp san m enplike ? ” Kesyon/repons ak demonstrasyon. Ansyen k ap fè patisipasyon sa a ta dwe rete kole ak plan filyal la bay la.

Kantik 120 (17-CR) ak priyè final.

Semèn 4 desanm

Kantik 155 (66-CR)

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa novanm.

15 min : “ N ap etidye liv Adore sèl vrè Dye a. ”c Ankouraje kongregasyon an pou yo fè bonjan preparasyon. Fè kondiktè etid liv yo sonje pou yo sèvi ak kare revizyon ki nan fen chapit yo pou ede asistans lan sonje pwen kle yo.

20 min : Sèvi ak Bib la pou nou reponn. Konvèsasyon avèk oditwa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 out 2002, paj 17-18, nan soutit “ Montrons de l’amour pour les vérités que nous enseignons ”. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou chak kesyon. Fè yon demonstrasyon kote yon pwoklamatè ap sèvi ak liv Comment raisonner a pou l bay yon kòlèg travay li yon repons ki baze sou Bib la, paske kòlèg la te mande l “ Poukisa nou pa selebre fèt Nwèl ? ”

Kantik 168 (74-CR) ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje