Pinga nou pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an
1 Men sa Jezi Kris glorifye te di kongregasyon ki te nan vil Efèz nan premye syèk la : “ Men sa mwen genyen kont ou : ou kite lanmou w te genyen okòmansman an. ” (Rev. 2:4). Sanble anpil moun nan kongregasyon sa a te kite lanmou yo te genyen pou Jewova okòmansman an. Lè nou te fèk ap aprann laverite, nou te devlope bonjan lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou, e sa te pouse nou pou nou pataje esperans nou te vin genyen an avèk zèl. Ki sa ki kapab ede nou pou nou pa pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an ansanm ak zèl nou te genyen nan ministè a ?
2 Etid pèsonèl ak asiste reyinyon : Ki sa ki te pèmèt nou devlope lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou lè nou te fèk ap aprann laverite ? Èske se pa tout sa nou te aprann konsènan Jewova nan etid nou te fè nan Ekriti yo (1 Jan 4:16, 19) ? Pakonsekan, pou lanmou nou kapab “ ogmante plis toujou ”, nou dwe kontinye absòbe konesans egzak la, e pou n fè sa, nou dwe fouye nan “ bagay pwofon Bondye yo ”. — Fil. 1:9-11 ; 1 Kor. 2:10.
3 Kenbe bonjan abitid pou nou fè etid pèsonèl kapab reprezante yon gwo defi nan dènye jou sa yo ki chaje ak enkyetid ak bagay ki kapab distrè nou (2 Tim. 3:1). Nou dwe rezève tan nan pwogram nou pou nou nouri nou espirityèlman. Li enpòtan tou pou nou asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman, sitou nou “ wè se pwoche jou a ap pwoche ”. — Ebre 10:24, 25.
4 Ministè a : Lè nou patisipe nan ministè a avèk zèl, sa ede nou pou nou kenbe lanmou nou te genyen pou Bondye okòmansman an. Lè nou preche bon nouvèl la, sa fè nou sonje bèl pwomès Jewova fè yo, sa ede nou kenbe esperans nou an vivan nan lespri nou, e sa ede nou pou nou pa pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an. Pou nou anseye verite biblik yo, sa mande pou nou fè rechèch pou nou ka byen konprann yo, e lè nou fè sa, sa fòtifye lafwa nou. — 1 Tim. 4: 15, 16.
5 Jewova merite tout bagay, san wete lanmou nou gen pou li (Rev. 4:11). Pinga nou janm kite lanmou pa nou an refwadi. Se pou nou kenbe lanmou solid nou te genyen okòmansman an lè nou fè bonjan efò pou nou etidye Labib, lè nou asiste reyinyon yo regilyèman e lè nou fè lòt moun konnen avèk zèl sa ki pi presye pou nou. — Wom. 10:10.