BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/06 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2006
  • Soutit
  • Semèn 11 desanm
  • Semèn 18 desanm
  • Semèn 25 desanm
  • Semèn 1ye janvye
Ministè Wayòm nan — 2006
km 12/06 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 11 desanm

Kantik 174 (77 CR)

10 min : Anons lokal. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, oswa si gen lòt prezantasyon ki apwopriye, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 desanm ak Réveillez-vous ! desanm nan. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Nan youn nan prezantasyon yo, montre fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Sa pa enterese m ”. — Gade nan liv Comment raisonner a, paj 16.

15 min : Lekòl ministè teyokratik pou ane 2007 la. Diskou ak entèvyou pou siveyan lekòl la fè. Sèvi ak paj mitan Ministè Wayòm oktòb 2006 la pou pale sou kèk pwen nou bezwen mete aksan sou yo ki aplikab pou kongregasyon an nan kad Lekòl ministè teyokratik la. Fè konnen siveyan lekòl la pap anonse alavans pwen elèv yo ap travay. Piske n ap konplete lekti Ekriti ebrayik yo lè nou fin li pòsyon ki kòmanse depi nan Izayi 24 pou rive nan fen liv Malaki a pandan ane 2007 la, ane sa a, frè ki gen pou fè pwen enteresan nan lekti Labib la ak lòt moun k ap fè kòmantè ap gen opòtinite pou yo sèvi ak piblikasyon ki bay esplikasyon sou liv pwofetik sa yo. Entèvyouwe de oswa twa pwoklamatè pami moun nou pral site la yo : yon nouvo elèv, yon jèn elèv k ap fè bonjan pwogrè, ak yon elèv ki gen eksperyans. Mande yo pou yo di ki efè lekòl la genyen sou ministè yo ak sou espirityalite yo. Ankouraje tout moun pou yo dilijan pou yo prepare asiyasyon yo resevwa, pou yo patisipe nan pwen enteresan nan lekti Labib, e pou yo aplike sijesyon yo bay chak semèn nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la.

20 min : “ Pinga nou pèdi lanmou nou te genyen okòmansman an. ”a Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo.

Kantik 193 (86 CR) ak priyè final.

Semèn 18 desanm

Kantik 150 (44 CR)

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Repons kesyon w yo. Pale sou dispozisyon espesyal ki pran pou predikasyon 25 desanm ak 1ye janvye a.

15 min : “ Annou retounen al vizite tout moun ki te manifeste yon enterè kèlkonk. ”b Mande moun nan oditwa a pou yo di ki jan yo te rive jwenn enfòmasyon nan men yon moun ki enterese yo te deja rankontre swa nan predikasyon enfòmèl swa nan predikasyon nan lari, enfòmasyon k ap pèmèt yo kontakte moun sa a ankò. Apre sa mande yo pou yo bay bèl eksperyans yo te fè lè yo te retounen al vizite moun nan. Nou kapab fè aranjman alavans pou youn oswa de kòmantè.

20 min : “ Nou jwenn benediksyon lè nou ofri tèt nou volontèman. ”c Entèvyouwe youn oswa de pwoklamatè yo konnen kòm moun ki dispoze ofri tèt yo volontèman. Ki jan yo montre yo dispoze ofri tèt yo volontèman ? Ki ajisteman yo te oblije fè, e ki jan yo te rive fè ajisteman sa yo ? Ki benediksyon yo jwenn kòm rezilta ?

Kantik 108 (21 CR) ak priyè final.

Semèn 25 desanm

Kantik 210 (39 CR)

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou kongregasyon an. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, oswa si gen lòt prezantasyon ki apwopriye, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye janvye ak Réveillez-vous ! janvye a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik sa yo. Nan fen chak prezantasyon, pwoklamatè a ap soulve yon kesyon ki pou fè moun l ap pale avè l la reflechi, yon kesyon l ap kapab sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou l reponn li nan pwochen vizit la.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Èske w gen tèritwa pèsonèl pa w ? ”d Siveyan sèvis la ap fè kèk kòmantè tou kout sou limit tèritwa kongregasyon an, l ap di konbyen fwa yo preche tout tèritwa a, e l ap di ki kantite tèritwa pèsonèl ki disponib.

Kantik 219 (13 CR) ak priyè final.

Semèn 1ye janvye

Kantik 158 (95 CR)

Note sa : Okenn kongregasyon pa dwe fè reyinyon sèvis semèn 1ye janvye a anvan dat sa a, amwenske kongregasyon an ta gen vizit siveyan sikonskripsyon. Chak kongregasyon ta dwe egzamine paj mitan ki pale de asanble a, jan sa te pwograme a. Si yon kongregasyon ap gen asanble sikonskripsyon nan semèn sa a, chak siveyan etid liv dwe anonse dat kongrè distri a ak kote l ap fèt la nan etid liv pa l la.

5 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa desanm nan.

15 min : Rapò sou pwogrè ki fèt nan ministè a. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jehovah a, soti nan soutit ki nan paj 83 a pou rive nan fen chapit la.

25 min : “ ‘ Suiv Kris ’ Kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2007. ”e Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Anvan nou egzamine paj mitan an, li lèt 15 desanm 2006 la ki anonse nan ki kongrè kongregasyon an envite. Lè w ap egzamine paragraf 8 la nan paj mitan Ministè Wayòm nan, li chak pwen yo bay nan kare “ Sa nou dwe fè anrapò ak lojman ” an. Ankouraje tout moun pou yo fè aranjman osito sa posib dekwa pou yo kapab asiste kongrè distri a.

Kantik 65 (51 CR) ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje