BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/07 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 2/07 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 26 fevriye 2007, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 1ye janvye pou rive nan semèn 26 fevriye 2007. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Lè n ap devlope yon sijè, nan ki moman nou ta dwe fè yon aplikasyon pratik, e ki fason nou ta dwe fè sa ? [be p. 158 § 1-3]

2. Poukisa li enpòtan pou nou ede lòt moun wè valè pratik sijè n ap prezante a, e ki jan nou kapab fè sa ? [be p. 159 § 2-3]

3. Poukisa li enpòtan pou nou chwazi ki mo n ap itilize ? [be p. 160]

4. Ki sa k ap ede nou itilize divès mo yon fason ki egzak ? [be p. 161 § 5-6 ; p. 162 § 1, 4]

5. Site kèk avantaj ki genyen lè nou sèvi swa ak yon plan mantal oswa ak yon plan ekri lè n ap fè yon ekspoze ? [be p. 166 § 1-3]

EKSPOZE NO 1

6. Lè n ap prepare yon patisipasyon pou lekti, ki sa sa mande ? [be p. 43 § 2, 4]

7. Ki sa ki esansyèl si nou vle kiltive lanmou Jewova genyen pou sa ki jis ak rayisman li genyen pou sa ki mal ? (Ebre 5:14) [wCR 05 1/1 p. 19 § 11]

8. Ki sa nou ta dwe sonje si nou li yon bagay nan Bib la ki fè nou mande tèt nou si Bondye te aji san patipri oswa si li te aji yon fason ki jis ? [wCR 05 1/2 p. 29 § 7]

9. Ki jan nou ta dwe reyaji lè gen yon konfli ant lwa Bondye yo ak egzijans lèzòm yo ? [wCR 05 1/5 p. 9 § 9]

10. Ki jan Izayi atire atansyon sou Wayòm mesyanik la ak sou moun ki te gen pou vini anvan an, anpalan de Jan Batis ? [si p. 123 § 35]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki sa “ anvlòp ” yo mansyone nan Izayi 25:7 la ye e ki sa “ twal tise ” a ye ?

12. Ki jan moun ka “ wè ” Jewova e ki jan yo ka “ tande ” l ? (Iza. 30:20, 21)

13. Vrè ou fo : Izkiya te fè priyè nou jwenn nan Izayi 38:3 a sèlman paske li te vle viv pi lontan.

14. Ki jan Izrayelit yo te sèvi antanke temwen Jewova, e ki jan nou kapab imite yo ? (Iza. 43:10)

15. Ann amoni ak egzanp pwofetik nou jwenn nan Izayi 52:11,12 la, ki kondisyon yon moun dwe ranpli pou li kapab ‘ pote veso Jewova yo ’ ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje