BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 12 mas
  • Semèn 19 mas
  • Semèn 26 mas
  • Semèn 2 avril
Ministè Wayòm nan — 2007
km 3/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 mas

Kantik 38

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! mas ak Toudegad 1ye avril la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan konkregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Lè yon moun nou renmen kite Jewova. Diskou pou yon ansyen fè. Li baze sou La Tour de Garde 1ye septanm 2006, paj 17-21.

20 min : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ”a Lè n ap egzamine paragraf 3 a, sèvi ak kòmantè nou jwenn nan Ministè Wayòm mas 2006, paj 1, paragraf 3, ki pale sou fason nou kapab itilize liv Sa Labib anseye a pou nou esplike moun ki enterese nou envite yo ki jan nou selebre Memoryal la.

Kantik 74 ak priyè final.

Semèn 19 mas

Kantik 20

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè yon ti pale sou pwen enpòtan ki nan kare “ Rapèl pou Memoryal la ” ki nan paj 3 a.

20 min : Fason pou nou elaji ministè nou. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 10 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

15 min : “ Ki jan w t ap reponn ? ”b Fè yon demonstrasyon tou kout pou montre ki jan yo kapab itilize ribrik sa a pafwa nan etid familyal.

Kantik 66 ak priyè final.

Semèn 26 mas

Kantik 39

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa mas. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye avril la ak Réveillez-vous ! avril la ansanm ak fich envitasyon pou Memoryal la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan konkregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Ki sa m ta dwe fè ak lavi m ? Yon diskou ki baze sou Réveillez-vous ! jiyè 2006, paj 23-5. Entèvyouwe youn oswa de moun ki te antreprann sèvis aplentan apre yo te fini etid klasik yo. Poukisa yo te chwazi sèvis aplentan ? Ki benediksyon yo te jwenn ?

Kantik 63 ak priyè final.

Semèn 2 avril

Kantik 79

10 min : Anons lokal. Egzamine envitasyon ki nan do Toudegad 1ye avril 2007 la, epi ankouraje pwoklamatè yo pou yo envite tout moun ki manifeste enterè pou yo vin asiste diskou espesyal la nan dat 15 avril.

20 min : Kontinye ede moun ki te asiste Memoryal la. Diskou pou yon ansyen fè. Di ki kantite moun ki te asiste Memoryal la epi di konbyen moun apeprè ki enterese ki te prezan. Pale de kèk eksperyans enteresan anrapò ak moun ki te aksepte fich envitasyon pou Memoryal la, oswa anrapò ak moun ki te abòde manm sèvis akèy yo apre selebrasyon Memoryal la pou yo mande yon etid biblik. Bay kèk sijesyon sou fason nou kapab ede espirityèlman moun ki te asiste Memoryal la. (Gade km 3/06, p. 1, § 5 ; km 2/05, p. 4, § 9 ; km 2/04, p. 5, § 16.) Ankouraje pwoklamatè yo pou yo aplike konsèy sa yo san pèdi tan.

15 min : Annou byen sèvi ak Annuaire 2007 la. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Egzamine pwen prensipal nou jwenn nan “ Lettre du Collège central ” la. Atire atansyon sou kèk enfòmasyon enteresan nou jwenn nan “ Rapport mondial ” la. Fè aranjman alavans pou kèk pwoklamatè pale de enfòmasyon ki nan rapò mondyal la ak eksperyans yo bay nan Annuaire la yo twouve ki patikilyèman ankourajan e ki fòtifye lafwa yo. Ankouraje fanmi yo pou yo li tout Annuaire 2007 la nèt diran ane sa a. Bay kèk sijesyon sou fason nou kapab sèvi avè l pou nou dirije nouvo yo nan òganizasyon Jewova a e pou nou ankouraje yo asiste reyinyon yo.

Kantik 100 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje