BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/07 p. 7
  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 4/07 p. 7

Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik

Nan semèn 30 avril 2007 la, yo pral egzamine kesyon ki vin apre yo nan Lekòl ministè teyokratik la. Siveyan lekòl la ap dirije yon revizyon k ap dire 30 minit e ki baze sou tout asiyasyon yo te egzamine soti nan semèn 5 mas pou rive nan semèn 30 avril 2007. [Remak : Kote yo pa bay okenn referans apre yon kesyon, w ap bezwen fè pwòp rechèch pa w pou w jwenn repons yo. — Gade nan liv École du ministère la, p. 36-37.]

TEKNIK POU MOUN BYEN PALE

1. Ki sa nou kapab fè pou plan diskou nou yo toujou rete senp ? [be p. 168 § 3]

2. Site kat fason nou ka prezante yon sijè nan yon lòd lojik. [be p. 170 § 3–p. 172 § 4]

3. Ki sa nou ta dwe toujou sonje lè n ap deside sa pou nou mete nan yon diskou ? [be p. 173 § 1-2]

4. Site kèk avantaj ki genyen lè nou fè diskou yon fason enpwovize. [be p. 175 § 2-4]

5. Poukisa li enpòtan pou nou pale sou ton konvèsasyon e ki jan nou kapab devlope kalite sa a ? [be p. 179 § 4, kare ; p. 180, kare]

EKSPOZE No 1

6. Ki jan yon frè ki gen pou l fè patisipasyon pwen enteresan nan lekti Labib la kapab prepare patisipasyon sa a ? [be p. 47 § 3-4]

7. Ki aspè nan ranson Kris la ki pi enpòtan lontan pase byenfè nou jwenn grasa ranson sa a ? [wCR 05 1/11 p. 31 § 1]

8. Lè n ap fè yon diskou piblik, ki jan nou ta dwe itilize vèsè yo bay kòm referans nan plan diskou a ? [be p. 53 § 1-2]

9. Antanke anseyan, ki objektif Jezi te genyen, e ki jan nou kapab imite l ? [be p. 57 § 1]

10. Poukisa itilizasyon kontras se yon bagay ki efikas lè n ap anseye ? [be p. 57 § 3-4]

LEKTI LABIB CHAK SEMÈN

11. Ki jan nou ka fè efò pou nou aplike konsèy nou jwenn nan Jeremi 6:16 la ki di pou nou mache nan “ wout ki te gen lontan yo, kote bon chemen an ye kounye a ” ?

12. Poukisa Jewova te chwazi zwazo ki rele lasigòy la kòm yon egzanp pou l bay Juif enfidèl yo yon leson, e ki sa nou ka aprann nan egzanp sa a ? (Jer. 8:7)

13. Ki jan Jeremi 15:17 enfliyanse pwennvi nou sou kesyon divètisman jodi a ?

14. Nan ki sans lèzòm tankou ajil nan men Gran Potye a, Jewova ? (Jer. 18:5-11)

15. Ki jan lòd yo site nasyon yo nan Jeremi 25:17-26 la gen yon siyifikasyon pou epòk nou an ?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje