BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/07 p. 7
  • Anons

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anons
  • Ministè Wayòm nan — 2007
Ministè Wayòm nan — 2007
km 4/07 p. 7

Anons

◼ Men piblikasyon n ap ofri nan mwa avril ak me : Toudegad ak Réveillez-vous ! (youn nan chak). Lè nou retounen al vizite moun ki enterese, san wete moun ki te vini nan Memoryal la oswa nan lòt pwogram teyokratik, men ki poko patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an, chèche ofri yo liv Sa Labib anseye a nan objektif pou nou kòmanse etid biblik ak yo. Jen : Liv Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi. Jiyè : Nou kapab ofri nenpòt nan bwochi 32 paj sa yo : Dieu se soucie-t-il vraiment de nous ? ; Doit-on croire à la Trinité ? ; Kontinye veye ! ; Le gouvernement qui établira le Paradis ; Le nom divin qui demeure à jamais ; Quand la mort frappe un être aimé... ; Que devient-on quand on meurt ? ; Quel est le but de la vie ? Comment le découvrir ? ; Viv alèz sou tè a pou toutan ! ; “ Voici, je fais toutes choses nouvelles ”. Nan kèk pati nan monn nan, li kapab apwopriye pou nou ofri bwochi ki vin annapre yo : Connaîtrons-nous un jour un monde sans guerre ? ; La route qui mène à la vie éternelle : L’avez-vous trouvée ? ; Les esprits des morts — Peuvent-ils vous aider ou vous nuire ? Existent-ils vraiment ? ; Nos problèmes — Qui nous aidera à les résoudre ; Un livre pour tous ; Une vie pleinement satisfaisante : comment ?

◼ Apati mwa avril, y ap tou voye ensiy pou kongrè distri 2007 la ansanm ak piblikasyon yo. Li pa nesesè pou nou kòmande yo. Si gen kongregasyon ki bezwen plis ensiy, yo ka fè demann sou Congregation Internet Site (CIS) oswa sou fòmilè Demande de publications (S-14) la. Si gen moun nan kongregasyon an ki vle pòt ensiy, se demann pou kongregasyon an fè pou yo.

◼ Sekretè kongregasyon yo dwe kenbe yon kantite rezonab nan fòmilè Aplikasyon pou sèvis pyonye pèmanan (S-205-CR) ak Aplikasyon pou sèvis pyonye oksilyè (S-205b-CR). Yo ka kòmande yo sou Congregation Internet Site (CIS) oswa sou fòmilè Demande de publications (S-14) la. Konsève yon stòk ki sifi pou omwen ennan. Anvan nou voye aplikasyon pou pyonye pèmanan yo bay biwo filyal la, asire nou yo tout fin ranpli nèt.

◼ Filyal la toujou bezwen gen adrès ak nimewo telefòn tout siveyan prezidan ak sekretè yo. Enfòmasyon sa yo dwe ajou. Nenpòt lè gen yon chanjman, li te mèt se nimewo telefòn, sekretè a dwe ranpli yon fich Changement d’adresse du surveillant-président/secrétaire (S-29) voye bay filyal la san pèdi tan.

◼ Lè yon moun prevwa vwayaje nan yon lòt peyi e li planifye pou l al asiste reyinyon, asanble sikonskripsyon, oswa kongrè distri, se pou l ekri filyal ki responsab travay predikasyon nan peyi sa a, pou l ka jwenn enfòmasyon sou dat, sou lè, oswa sou adrès kote reyinyon sa yo ap fèt. N ap jwenn lis adrès filyal yo nan dènye paj Annuaire des Témoins de Jéhovah ki pi resan an.

◼ Vandredi 13 avril, nan aprèmidi ak samdi 14 avril 2007, filyal la ap fèmen pou netwayaj prentan. Jou sa a, li pap posib ni pou moun vizite filyal la ni pou kongregasyon vin pran piblikasyon.

◼ Men kongregasyon ki fèk fòme : Tamaren (Kwadèboukè) ; Depyo (Kwadèboukè) ; Kafou, lang siy ameriken (Kafou). Se premye kongregasyon lang siy ameriken ki fòme ann Ayiti.

◼ N ap fè tout siveyan lekòl ministè teyokratik yo sonje pou yo pa bliye voye rapò sou sant alfabetizasyon yo nan filyal la chak mwa.

◼ Envitasyon Memoryal pou ane 2007 la ap parèt nan lang kreyòl ayisyen, olandè, papyamento (Awouba), papyamento (Kiraso).

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje