BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 14 me
  • Semèn 21 me
  • Semèn 28 me
  • Semèn 4 jen
Ministè Wayòm nan — 2007
km 5/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 me

Kantik 77

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 me ak Réveillez-vous ! me a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : Annou soutni travay Wayòm nan nan kongregasyon nou an e nan lemonnantye. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, chapit 12.

15 min : “ Li bay moun ki fatige fòs. ”a Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.

Kantik 23 ak priyè final.

Semèn 21 me

Kantik 63

10 min : Anons lokal. Egzamine Repons kesyon w yo.

15 min : Ou kapab aprann yon lòt lang ! Yon diskou ki baze sou Réveillez-vous ! mas 2007 la, paj 10-12. Montre enpòtans sa genyen pou nou aprann yon lòt lang nan objektif pou nou fè bon nouvèl la avanse.

20 min : “ Èske w defann Pawòl Bondye a ? ”b Pale tou sou kòmantè ki fèt nan kare ki nan paj 143-4 liv École du ministère la.

Kantik 60 ak priyè final.

Semèn 28 me

Kantik 21

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò sèvis yo pou mwa me. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye jen ak Réveillez-vous ! jen an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

20 min : Nan mwa jen an, n ap ofri swa liv Créateur la swa liv Bonheur familial la. Atire atansyon sou diferan pati enteresan ki nan liv sa yo, epi fè yon demonstrasyon sou fason nou ka ofri chak liv sa yo. Sèvi ak prezantasyon nou panse k ap pi efikas nan tèritwa kongregasyon an. Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo pale de bon rezilta yo te jwenn lè yo te ofri zanmi yo ak fanmi yo liv sa yo.

15 min : Eksperyans pwoklamatè yo fè. Rakonte eksperyans kèk pyonye oksilyè te fè ansanm ak eksperyans lòt pwoklamatè te fè lefètke yo te ogmante patisipasyon yo nan ministè a diran mwa mas, avril ak me. Rakonte tou eksperyans kèk pwoklamatè te fè lè yo te retounen al vizite moun yo te bay peryodik, nan objektif pou yo kòmanse etid biblik ak yo. Nou ka fè demonstrasyon sou youn oswa de eksperyans enteresan ki te fèt.

Kantik 8 ak priyè final.

Semèn 4 jen

Kantik 98

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Anseye pitit nou pou yo ka louwe Jewova. ”c Lè n ap egzamine paragraf 4 la, pale sou kòmantè ki fèt nan Ministè Wayòm jiyè 2005 lan, paj 3.

Kantik 75 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje