Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 jiyè
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jiyè ak Réveillez-vous ! Jiyè. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Ki sa ki bay vrè bonè a ? Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou Toudegad 1ye jen 2006 paj 18-19, paragraf 11-12. Fè yon entèvyou tou kout ak yon frè oswa yon sè ki te chwazi fè travay predikasyon an tounen aktivite prensipal li, olye pou l chèche plezi oswa pousuiv yon karyè pwofàn. Mande l pou l di pou ki rezon li te chwazi pousuiv objektif espirityèl, epi mande l pou l di ki jan chwa sa a pèmèt li jwenn lajwa.
20 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Li paragraf yo epi egzamine yo avèk oditwa a. Fè kòmantè sou pwen nou jwenn nan Réveillez-vous ! 22 me 2005 lan, paj 13-14, anba soutit “ Les dangers de la tromperie et du secret ” ak soutit “ Préférer le réel au virtuel ”.
Kantik 34 ak priyè final.
Semèn 16 jiyè
10 min : Anons lokal.
20 min : Annou kenbe lapè nan kongregasyon an e annou kenbe l pwòp moralman (Sauvegardons la paix et la pureté de la congrégation). Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, soti nan paj 144 pou rive nan soutit ki nan paj 150 lan.
15 min : “ Gen gwo chanjman ki pral fèt nan Toudegad ! ”a
Kantik 47 ak priyè final.
Semèn 23 jiyè
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye out ak Réveillez-vous ! Out. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : Se pou nou montre ospitalite youn anvè lòt (Soyons hospitaliers les uns envers les autres). Diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 janvye 2005, paj 21-3. Fè yon entèvyou tou kout ak youn oswa de pwoklamatè tout moun konnen kòm moun ki ospitalye. Mande yo pou yo di ki sa yo fè pou yo montre yo ospitalye, epi mande yo pou yo di ki benediksyon yo menm ansanm ak fanmi yo jwenn kòm rezilta.
15 min : Annou prepare entwodiksyon ki efikas. Konvèsasyon avèk oditwa a ki baze sou liv Comment raisonner a, paj 9, paragraf 1-2. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante piblikasyon n ap ofri nan mwa out la.
Kantik 13 ak priyè final.
Semèn 30 jiyè
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jiyè.
15 min : Jewova beni moun ki gen espri sakrifis (Jéhovah bénit l’esprit d’abnégation). Diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 novanm 2005, paj 8-9.
20 min : “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv. ”b Lè n ap egzamine paragraf 3 a, mande moun nan oditwa a pou yo di ki jan yo te rive andire, grasa lafwa yo ki te solid, yon eprèv ki te parèt sanzatann. Ou kapab fè aranjman alavans pou youn oswa de kòmantè.
Kantik 6 ak priyè final.
Semèn 6 out
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Rezon ki fè nou toujou retounen kay moun yo. ”c Lè n ap egzamine paragraf 5 lan, mande kèk moun nan oditwa a, ki te opoze oswa ki pa t enterese nan laverite oparavan, pou yo di ki sa k te fè yo vin vle aprann plis konsènan laverite.
Kantik 93 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.