BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 13 out
  • Semèn 20 out
  • Semèn 27 out
  • Semèn 3 septanm
Ministè Wayòm nan — 2007
km 8/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 13 out

Kantik 8

15 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! out la. Nan youn nan demonstrasyon yo, pwoklamatè a ap sèvi ak youn nan sijesyon ki nan paragraf 3 nan paj 3 Ministè Wayòm sa a pou l soulve yon kesyon l ap gen pou l reponn nan nouvèl vizit la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Egzamine atik ki gen tit “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an ” epi anonse dat pwochen asanble sikonskripsyon an si nou konnen l.

15 min : Lè nou soumèt devan direksyon teyokratik sa pote byenfè. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 15 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

15 min : “ Ann adore Jewova an fanmi. ”a Mande moun nan oditwa a pou yo di ki byenfè yo jwenn lefètke yo patisipe nan ministè a an fanmi. Nou ka fè aranjman alavans ak youn oswa de moun pou yo fè yon kòmantè.

Kantik 23 ak priyè final.

Semèn 20 out

Kantik 57

10 min : Anons lokal. Egzamine atik ki gen tit “ Pwogram jounen asanble espesyal k ap vini an ” epi anonse dat pwochen jounen asanble espesyal la si nou konnen l.

15 min : Annou kòmanse etid biblik ak moun yo depi premye fwa nou rankontre yo. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Nan mwa septanm nan nou pral ofri liv Sa Labib anseye a e n ap bat pou nou egzamine kèk paragraf nan liv la ak moun nan depi nan premye rankont lan. Reegzamine sijesyon yo te bay nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2006 la, epi fè youn oswa de demonstrasyon ki montre jan nou ka kòmanse yon etid biblik depi premye fwa nou rankontre yon moun.

20 min : “ Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou. ”b Lè n ap egzamine paragraf 5 lan, fè yon ti pale sou paragraf 2 nan paj 41 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

Kantik 3 ak priyè final.

Semèn 27 out

Kantik 43

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont kongregasyon an ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye septanm ak Réveillez-vous ! septanm.

10 min : ‘ Fè zanmi grasa richès enjis nou genyen yo ’. Yon ansyen ap fè diskou sa a, li baze sou Toudegad 1ye desanm 1994, paj 13-18 (fransè).

25 min : “ Yon bèl objektif pou nouvo ane sèvis la. ”c Fè entèvyou ak youn oswa de pwoklamatè ki te pran sèvis pyonye oksilyè sa pa gen lontan. Mande yo : Ki ajisteman yo te fè nan pwogram yo ? Ki byenfè yo te jwenn lefètke yo te fè sa ? Si gen yon moun ki te jwenn ankourajman ak èd nan men fanmi l pou l pran sèvis la, nou kapab chwazi l pami de moun n ap entèvyouwe yo. Lè n ap egzamine paragraf 9 la, anonse dat vizit siveyan sikonskripsyon an si nou konnen l.

Kantik 6 ak priyè final.

Semèn 3 septanm

Kantik 24

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out.

15 min : “ Nou bay privilèj nou yo anpil valè ! ”d Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.

20 min : “ Fason pou nou kòmanse etid biblik ak moun nou te bay peryodik. ”e Fè yon demonstrasyon tou kout sou youn nan sijesyon nou jwenn nan paragraf 2 a. Fè pwoklamatè yo sonje yo kapab remèt rapò pou yon etid depi yo kondui l de fwa apre yo te fin montre moun nan fason yon etid biblik fèt, e si gen posiblite pou etid la kontinye.

Kantik 9 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje