BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 10 septanm
  • Semèn 17 septanm
  • Semèn 24 septanm
  • Semèn 1ye oktòb
Ministè Wayòm nan — 2007
km 9/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 10 septanm

Kantik 95

10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! septanm nan ak Toudegad 1ye oktòb la. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan chak demonstrasy0on, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale.

15 min : Repons kesyon w yo. Konvèsasyon avèk moun nan oditwa a. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Si gen tan pou sa, l ap li vèsè yo bay kòm referans yo epi l ap fè kòmantè sou yo.

20 min : “ Annou suiv egzanp Jezi. ”a Envite moun nan oditwa a pou yo esplike ki pwofi yo te tire nan bèl egzanp lòt moun.

Kantik 53 ak priyè final.

Semèn 17 septanm

Kantik 5

10 min : Anons lokal.

15 min : Ki sa nou te akonpli pandan ane ki sot pase a ? Siveyan sèvis la ap analize rapò sèvis ane pase a. L ap mete aksan sou bon travay frè yo te akonpli nan ministè a, e l ap ba yo felisitasyon apwopriye. Mansyone youn oubyen de domèn yo bezwen bay plis atansyon pandan ane sèvis sa a. Fè kèk remak sou travay pyonye yo te fè. Felisite yo pou bon travay yo te akonpli. Pale sou bon rezilta nou te jwenn grasa efò ki te fèt pou ede moun ki inaktif yo.

20 min : Yon fanmi ki ini. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 16 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

Kantik 51 ak priyè final.

Semèn 24 septanm

Kantik 70

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Annou sèvi ak feyè Konn Bib la pou nou kòmanse etid biblik ann oktòb. N ap ofri Toudegad ak Réveillez-vous ! pou mwa oktòb la. Si moun yo montre yo enterese, nou kapab sèvi ak feyè Konn Bib la pou nou kòmanse etid biblik. Fè manm sèvis akèy yo distribye yon feyè bay chak moun nan asistans lan, si genyen nan kongregasyon an. Apre sa, fè yon ti pale tou kout sou feyè a. Esplike pwoklamatè yo yo kapab egzamine tout feyè a oubyen yon pati ladan l ak yon moun depi premye fwa yo rankontre l oubyen yo kapab fè sa lè yo retounen vizite l. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye oktòb la ak Réveillez-vous ! oktòb la. Nan youn nan demonstrasyon yo, moun nan kay la pap pran peryodik la, epi pwoklamatè a ap kite feyè a nan men l. Nan lòt demonstrasyon an, moun nan kay la ap aksepte peryodik la, epi apre sa pwoklamatè a ap ba li yon feyè, l ap pale avè l sou paj 5 lan, e l ap atire atansyon l sou koupon pou mande liv Sa Labib anseye a ki nan paj 6 la, apre sa l ap pwopoze l pou l retounen ak liv la pou li.

Kantik 100 ak priyè final.

Semèn 1ye oktòb

Kantik 84

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa septanm nan.

15 min : Lèt filyal la. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou lèt ki nan premye paj Ministè Wayòm sa a. Envite moun nan oditwa a pou yo bay kèk eksperyans yo te fè lè yo t ap envite moun vin asiste kongrè distri “ Suiv Kris ! ” la.

20 min : “ Annou fè efò pou nou fè plis nan ministè a. ”b Frè ak sè k ap fè efò pou fè plis nan ministè a kapab esplike ki jan yo kontinye ap chèche fason pou yo fè plis nan ministè a. Nou ka prepare youn oswa de kòmantè alavans.

Kantik 19 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje